Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 63 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Se kilès sa ki sòti Edom an,avèk vètman Botsra byen kolore a?Kilès sila a, ak abiman majeste Li,k ap mache nan grandè ak fòs li a?“Se Mwen menm ki pale nan ladwati,ki pwisan pou delivre a.”

2Poukisa abiman Ou wouje vètman Ou tankou silak ap mache nan kivèt diven an?

3“Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an.Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwene Mwen te tache tout vètman Mwen yo.

4Paske jou vanjans lan te nan kè M;e ane racha a M yo rive.

5Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwene kòlè Mwen te fè M kanpe.

6Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”

7Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a,ak lwanj SENYÈ a.Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,selon labondans konpasyon li,epi selon gran mizerikòd Li.

8Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,fis ki p ap aji nan manti.”Pou sa, Li te devni Sovè yo.

9Nan tout afliksyon yo, Li te aflijee zanj a prezans Li an te sove yo.Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,Li te rachte yo.Li te leve yo, e te pote yopandan tout ansyen jou yo.

10Men yo te fè rebèle konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris.Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;Li te goumen kont yo pou kont Li.

11Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yoak Moïse e pèp Li.Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmèak bèje a bann mouton Li yo?Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”

12Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?Ki te divize dlo yo devan yopou fè pou pwòp tèt Liyon non ki ta dire pou tout tan?

13Ki te mennen yo atravè fon yotankou cheval nan dezè a,pou yo pa chape tonbe?

14Tankou bèt ki te desann nan vale yo,Lespri SENYÈ a te bay yo repo.Konsa, Ou te mennen pèp Ou apou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.

15Gade anba depi nan syèl lae wè soti nan abitasyon sen Ouki plen ak glwa Ou.Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?Santiman a kè ou ak konpasyon Oute vin anpeche de mwen.

16Paske Ou se Papa nou,malgre Abraham pa rekonèt nou,ni Israël pa rekonèt nou.Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

17Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo?E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou?Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.

18Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan;advèsè nou yo te foule li ba nèt.

19Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo,tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]