Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear this word our Father has spoken against you, children of Israel—against the whole family I brought up from Egypt: Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:
2 Of all the families of the earth, I have known only you; therefore I will hold you accountable for all your sins. “Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”
3 Do two walk together, unless they have agreed to meet? Èske de mache ansanm, san yo pa antann yo?
4 Does a lion roar in the forest when he has no prey? Does a young lion cry out from his den if he has caught nothing? Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
5 Does a bird fall into a snare on the ground when there is no trap for it? Does a snare spring up from the earth when it has caught nothing? Èske yon zwazo ka kenbe nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, san ke li gen yon bagay pou kenbe?
6 If a ram's horn is blown in a city, will the people not tremble? If disaster comes to a city, has our Father not done it? Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?
7 Surely the Sovereign Father does nothing without revealing his secret to his servants the prophets. Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.
8 The lion has roared—who will not fear? The Sovereign Father has spoken—who can keep from prophesying? Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?
9 Proclaim over the strongholds in Ashdod and over the strongholds in the land of Egypt, and say: "Assemble on the mountains of Samaria and see the great uproar within her, and the oppression in her midst." Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, ak sitadèl peyi Égypte yo. Di yo konsa: Rasanble nou sou mòn Samarie yo pou wè gwo zen ki anndan yo, ak opresyon ki nan mitan yo.
10 They do not know how to do right, declares our Father—those who hoard up violence and plunder in their strongholds. “Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
11 So the Sovereign Father says: An enemy will surround the land, topple your defenses, and loot your strongholds. Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon lènmi va ranvwaye peyi a. Li va rale desann barikad ou yo, episitadèl ou yo va piyaje.”
12 This is what our Father says: As a shepherd rescues two legs or a piece of an ear from the lion's mouth, so the children of Israel living in Samaria will be rescued—with a corner of a couch, part of a bed. Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.
13 Hear, and testify against the house of Jacob, declares the Sovereign Father, the Father of heaven's armies: “Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.
14 On the day I punish Israel for his rebellions, I will also punish the altars of Bethel; the horns of the altar will be cut off and fall to the ground. “Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.
15 I will strike the winter house along with the summer house; the houses of ivory will perish, and the great houses will come to an end, declares our Father. Kay sezon livè a, Mwen va frape ansanm avèk kay sezon lete a. Kay livwa yo va vin peri, e gran mezon yo p ap la ankò,” di Senyè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]