Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear this word, you cows of Bashan who are on the mountain of Samaria, you who oppress the poor, who crush the needy, who say to your masters, "Bring us something to drink!" Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
2 The Sovereign Father has sworn by his holiness: "The days are coming upon you when they will drag you away with hooks, and the last of you with fishhooks. Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, e dènye bout nan nou ak gaf pwason.
3 You will go out through the breaches in the wall, each one straight ahead, and you will be flung out toward Harmon," declares our Father. Nou va sòti atravè brèch miray yo, nou chak tou dwat devan li a, e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
4 "Come to Bethel and rebel; to Gilgal, and rebel all the more! Bring your sacrifices every morning, your tithes every three days. “Antre nan Béthel pou fè peche; nan Guilgal pou miltipliye peche yo! Pote sakrifis nou yo chak maten, dim nou yo chak twa jou.
5 Burn leavened bread as a thank offering, announce your freewill offerings, proclaim them aloud—for this is what you love to do, people of Israel!" declares the Sovereign Father. Ofri yon ofrann remèsiman, sitou sa ki gen ledven ladan, epi pwoklame ofrann bòn volonte yo. Fè l parèt wo pou moun wè! Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm, fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
6 "I gave you empty stomachs in every city and a lack of bread in every place, yet you did not return to me," declares our Father. “Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye nan tout vil nou yo, ak mank pen tout kote. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
7 "I also withheld the rain from you while there were still three months to the harvest. I would send rain on one city and withhold it from another; one field would be rained on, and the field with no rain would dry up. Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil pandan Mwen te refize li nan yon lòt. Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t resevwa lapli a te seche.
8 So two or three cities would stagger to another city for water but not have enough to drink, yet you did not return to me," declares our Father. Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen, deklare SENYÈ a.
9 "I struck you with blight and mildew; the locust devoured your many gardens and vineyards, your fig trees and your olive trees, yet you did not return to me," declares our Father. Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni; epi cheni te devore jaden ak chan rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
10 "I sent a plague against you like the one in Egypt; I killed your young men with the sword and carried off your horses. I made the stench of your camp rise into your nostrils, yet you did not return to me," declares our Father. “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
11 "I overthrew some of you as I overthrew Sodom and Gomorrah, and you were like a stick snatched from the fire, yet you did not return to me," declares our Father. “Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. Nou te tankou yon bout bwa byen cho ki te rache soti nan dife; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
12 "Therefore this is what I will do to you, Israel; and because I will do this to you, prepare to meet your Father, O Israel!" “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël! Paske se sa Mwen va fè ou; prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.
13 For it is he who forms the mountains and creates the wind, who reveals his thoughts to mankind, who turns the dawn to darkness and treads on the heights of the earth—the Father of heaven's armies is his name. Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo, ki kreye van an, e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo; sila ki fè jou leve nan fènwa a, e ki foule wo plas sou latè yo; SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]