Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear this word that I raise as a lament over you, house of Israel: Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:
2 Fallen, never to rise again, is the virgin Israel; she lies abandoned on her own land, with no one to raise her up. Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.
3 For the Sovereign Father says: The city that marches out 1,000 will have one hundred left; the one marching out one hundred will have ten left—for the house of Israel. Paske, konsa pale Senyè BONDYE a: “Vil ki te gen mil sòlda soti, va gen san ki rete, e sila ki gen san ki ale yo, va gen dis ki rete pou lakay Israël.”
4 For this is what our Father says to the house of Israel: Seek me and live. Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël: “Chache Mwen pou nou ka viv.
5 But do not seek Bethel, do not go to Gilgal, do not cross over to Beersheba; for Gilgal will surely go into exile, and Bethel will come to nothing. Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, ni travèse Beer-Schéba. Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite e gwo twoub va rive Béthel.
6 Seek our Father and live, or he will sweep like fire through the house of Joseph; it will devour, with no one to quench it for Bethel. Chache SENYÈ a pou nou ka viv, sinon Li va eklate kon dife nan lakay Joseph, e li va devore san pa gen okenn moun ki pou etenn li Béthel.
7 You who turn justice into bitter poison and throw righteousness to the ground. Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,
8 He who made the Pleiades and Orion, who turns deep darkness into morning and darkens day into night, who summons the waters of the sea and pours them out over the face of the earth—our Father is his name. Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.
9 He flashes destruction on the strong, and ruin comes upon the fortress. Se Li menm ki jayi ak destriksyon sou moun pwisan yo, jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
10 They hate the one who reproves in the gate, and they despise the one who speaks the truth. Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
11 Therefore, because you trample on the poor and exact from him a tax of grain, you have built houses of cut stone, but you will not live in them; you have planted lovely vineyards, but you will not drink their wine. Konsa, akoz nou foule malere a, e egzije taks nan blè sou li, akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye, malgre nou pa menm rete nan yo, konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou p ap bwè diven yo.
12 For I know how many are your offenses and how great your sins—you who afflict the righteous and take bribes and push aside the needy in the gate. Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.
13 Therefore the prudent keep silent in such a time, for it is an evil time. Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
14 Seek good and not evil, that you may live; and so the Father of heaven's armies will be with you, just as you have claimed. Chache sa ki bon e pa sa ki mal, pou nou ka viv; epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou, jis jan nou te pale a!
15 Hate evil and love good, and establish justice in the gate; perhaps the Father of heaven's armies will be gracious to the remnant of Joseph. Rayi mal e renmen sa ki bon, e etabli jistis nan pòtay la! Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo ka fè gras a retay Joseph la.”
16 So the Father of heaven's armies says: In every square, wailing; in every street, they cry, "Alas! Alas!" They call the farmer to mourning, and those skilled in lament to wailing. Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di : “Va gen gwo lamantasyon tout kote e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’ Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy, yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
17 In all the vineyards there will be wailing, for I will pass through your midst, says our Father. Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri, paske Mwen va pase nan mitan nou”, di SENYÈ a.
18 Woe to you who long for the day of our Father! Why would you want the day of our Father? It is darkness, not light. Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a! Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a? Li va yon jou tenèb olye limyè.
19 It will be as if a man fled from a lion only to meet a bear, or went into his house and rested his hand on the wall only to be bitten by a snake. Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rakontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.
20 Will not the day of our Father be darkness, not light—pitch-dark, with no brightness in it? Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
21 I hate, I despise your festivals; I take no delight in your solemn assemblies. Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo, ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
22 Even if you offer me burnt offerings and your grain offerings, I will not accept them; and the peace offerings of your fattened animals I will not even look at. Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo; ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a bèt gra nou yo.
23 Take away from me the noise of your songs; I will not listen to the music of your harps. Retire sou Mwen bri a chanson nou yo; Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
24 But let justice roll down like waters, and righteousness like an ever-flowing stream. Men kite jistis koule desann tankou dlo, e ladwati tankou yon gwo larivyè,
25 Did you bring me sacrifices and offerings those forty years in the wilderness, house of Israel? Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël?
26 You have lifted up Sikkuth your king and Kiyyun your star-god, the images you made for yourselves. Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo.
27 So I will send you into exile beyond Damascus, says our Father—the Father of heaven's armies is his name. “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]