Theme Text size
Bib Sen An
Amos 6 hatbsa
1 Woe to those who are at ease in Zion, and to those who feel secure on the mountain of Samaria—the notable men of the foremost nation, to whom the house of Israel comes! Malè a sila ki alèz nan Sion yo, e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo, mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo, a sila lakay Israël konn vini yo.
2 Cross over to Calneh and look; from there go on to Hamath the great; then go down to Gath of the Philistines. Are you better than these kingdoms? Or is their territory greater than yours? Ale janbe kote Calné pou gade. Soti la rive Hamath Gran an, pou desann kote Gath de Filisten yo. Èske yo pi bon ke wayòm sila yo? Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
3 You push away the day of disaster, yet you bring near a reign of violence. Malè a nou ki konn ranvoye jou malè! Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!
4 They lie on beds of ivory and sprawl on their couches, eating lambs from the flock and calves from the fattening pen. K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo, k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo, e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la, ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
5 They strum away on the harp and, like David, invent musical instruments for themselves. sila ki enpwovize ak son ap la, ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
6 They drink wine by the bowlful and anoint themselves with the finest oils, but they are not grieved over the ruin of Joseph. Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, malgre sa, yo pa kriye pou Joseph, ki fin devaste nèt la.
7 Therefore they will now go into exile at the head of the exiles, and the revelry of those who sprawl at ease will pass away. Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo. Banbòch a sanzave yo va sispann.
8 The Sovereign Father has sworn by himself—this is the declaration of the Father of heaven's armies: I despise the pride of Jacob and hate his strongholds, and I will hand over the city and everything in it. Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”
9 And if ten men are left in one house, they too will die. Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete nan yon kay, yo va mouri.
10 And when a man's relative, the one who burns the bodies, lifts him to carry the bones out of the house, and calls to whoever is in the innermost room, "Is anyone still with you?" and he answers, "No one," then he will say, "Hush! We must not invoke the name of our Father." Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”
11 For look, our Father gives the command, and the great house will be smashed to fragments and the little house to bits. “Paske gade byen, SENYÈ a pral kòmande pou gwo lakay la vin kraze nèt, e ti kay la an ti mòso.
12 Do horses gallop on a cliff? Does one plow the sea with oxen? Yet you have turned justice into poison and the fruit of righteousness into bitter poison. Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon e fwi ladwati vin anmè nèt.
13 You who rejoice over Lo-debar and say, "Have we not by our own strength taken Karnaim for ourselves?" Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
14 But look—I am raising up against you a nation, house of Israel, declares the Father of heaven's armies, and they will oppress you from Lebo-hamath all the way to the Brook of the Arabah. Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon kont nou, O lakay Israël,” deklare SENYÈ Bondye dèzame yo; “e yo va aflije nou soti nan antre Hamath pou rive jis nan flèv Araba a.”
FHB
Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.
hatbsaCopyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]
Read Amos 6 in the Father's Heart Bible™ Divine Voice™ Color. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.
Read offline
Save hatbsa on this device and read it with no connection. Downloads stay in this browser or app only.