Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what the Sovereign Father showed me: he was forming a swarm of locusts as the late crop began to sprout—the late crop after the king's mowings. Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.
2 When they finished eating the land's plants, I said, "Sovereign Father, please forgive! How can Jacob stand? He is so small!" Epi li te vin rive lè li te fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
3 Our Father relented concerning this. "It will not happen," said our Father. SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.
4 This is what the Sovereign Father showed me: the Sovereign Father called for judgment by fire; it devoured the great deep and was consuming the land. Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan.
5 Then I said, "Sovereign Father, please stop! How can Jacob stand? He is so small!" Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
6 Our Father relented concerning this. "This also will not happen," said the Sovereign Father. SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
7 This is what he showed me: the Sovereign Father stood by a wall built straight, a plumb line in his hand. Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L.
8 And our Father said to me, "What do you see, Amos?" I said, "A plumb line." Then the Sovereign Father said, "Look, I am setting a plumb line among my people Israel; I will never again pass them by." SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?” Mwen te di: “Yon filaplon.” Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò.
9 "The hilltop shrines of Isaac will be laid waste, and the sanctuaries of Israel will be ruined, and I will rise against the house of Jeroboam with the sword." Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
10 Amaziah, priest of Bethel, sent word to Jeroboam king of Israel: "Amos has conspired against you within the house of Israel. The land cannot bear all his words. Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.
11 This is what Amos said: 'Jeroboam will die by the sword, and Israel will surely go into exile, away from its land.'" Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”
12 Amaziah said to Amos, "Go, seer! Run to Judah. Earn your bread there, prophesy there. Amatsia te di a Amos: “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la!
13 But never prophesy again at Bethel, for it is the king's sanctuary, a royal temple." Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans la a wa a!”
14 Amos answered Amaziah, "I was no prophet or prophet's son, but a herdsman and a grower of sycamore figs. Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.
15 But our Father took me from following the flock, and our Father told me, 'Go, prophesy to my people Israel.' Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’
16 Now hear the word of our Father. You say, 'Do not prophesy against Israel, do not preach against the house of Isaac.' Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’
17 So our Father says: 'Your wife will become a prostitute in the city, your sons and daughters will fall by the sword, your land will be divided by a measuring line, and you yourself will die in an unclean land. Israel will surely go into exile, away from its own land.'" Akoz sa, SENYÈ a di: ‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]