Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what the Sovereign Father showed me: a basket of summer fruit. Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
2 He said, "Amos, what do you see?" I said, "A basket of summer fruit." Then our Father told me, "The end has come for my people Israel; I will never again pass them by." Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.
3 "The songs of the temple will turn to wailing in that day," declares the Sovereign Father. "So many corpses, flung down everywhere—silence!" Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
4 Hear this, you who trample the needy and do away with the poor of the land, Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt, pou mete fen a tout pòv yo,
5 saying, "When will the new moon be over, so we can sell grain? When will the Sabbath end, so we can open the wheat market—making the measure small and the weight large, and cheating with dishonest scales, ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,
6 buying the poor for silver and the needy for a pair of sandals, and selling the sweepings of the wheat?" pou achte sila ki san sekou a pou lajan, ak malere a pou de grenn sapat. Menm balizaj ble a n ap vann!’”
7 Our Father has sworn by the pride of Jacob: "I will never forget any of their deeds. SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.
8 Will not the land tremble for this, and all who live in it mourn? It will all rise like the Nile, be churned up, and sink again like the Nile of Egypt. Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble, e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon? Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la. Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
9 On that day," declares the Sovereign Father, "I will make the sun go down at noon and darken the earth in broad daylight. Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
10 I will turn your festivals into mourning and all your songs into a dirge. I will put mourning clothes on every waist and shave every head. I will make it like mourning for an only son, and its end like a bitter day. Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.
11 The days are coming," declares the Sovereign Father, "when I will send a famine on the land—not a famine of bread, nor a thirst for water, but of hearing my words. “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a, “lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a, pa yon grangou pou pen oswa pou dlo, men pou koute pawòl SENYÈ a.
12 They will stagger from sea to sea and wander from north to east, searching for the word of our Father, but they will not find it. Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, e sòti nan nò pou rive menm nan lès; yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a, men yo p ap jwenn li.
13 In that day the beautiful young women and the young men will faint from thirst. Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo ak jennonm yo va vin endispoze akoz swaf la.
14 Those who swear by the Guilt of Samaria, who say, 'As your god lives, Dan,' and, 'As the way of Beersheba lives'—they will fall, never to rise again." Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]