Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I saw the Sovereign Father standing by the altar, and he said: "Strike the pillar tops so the thresholds shake, and shatter them on the heads of them all; those left I will kill with the sword. Not one will flee, not one will escape. Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.
2 Though they dig down into the grave, from there my hand will take them; though they climb up to heaven, from there I will bring them down. Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann.
3 Though they hide themselves on the top of Carmel, from there I will search them out and seize them; though they conceal themselves from my sight at the bottom of the sea, there I will command the serpent, and it will bite them. Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo.
4 Though they go into captivity before their enemies, there I will command the sword, and it will kill them; I will fix my eyes on them for harm and not for good." Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.
5 The Sovereign, the Father of heaven's armies—he who touches the earth and it melts, and all who dwell in it mourn; all of it rises like the Nile and sinks like the Nile of Egypt, Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la.
6 who builds his upper chambers in the heavens and founds his vault upon the earth, who calls for the waters of the sea and pours them out on the face of the earth—our Father is his name. Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.
7 "Are you not like the children of the Cushites to me, children of Israel?" declares our Father. "Did I not bring up Israel from the land of Egypt, and the Philistines from Caphtor and the Arameans from Kir? Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?
8 Look, the eyes of the Sovereign Father are on the sinful kingdom, and I will destroy it from the face of the earth—yet I will not utterly destroy the house of Jacob," declares our Father. Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a.
9 "For look, I will give the command, and I will shake the house of Israel among all the nations as one shakes grain in a sieve, but not a pebble will fall to the ground. “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè.
10 All the sinners of my people will die by the sword—those who say, 'Disaster will not overtake or meet us.'" Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’
11 "On that day I will raise up the fallen shelter of David, and repair its breaches, and raise up its ruins, and rebuild it as in the days of old, Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;
12 that they may possess the remnant of Edom and all the nations who are called by my name," declares our Father, who does this. pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
13 "The days are coming," declares our Father, "when the plowman will overtake the reaper, and the treader of grapes will overtake him who sows the seed; the mountains will drip sweet wine, and all the hills will flow with it. “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
14 I will restore the fortunes of my people Israel, and they will rebuild the ruined cities and live in them; they will plant vineyards and drink their wine, and make gardens and eat their fruit. Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an, Israël, ki an kaptivite a, e yo va rebati vil ki kraze nèt yo pou yo viv ladan yo. Anplis, yo va plante chan rezen yo pou bwè diven yo; epi fè jaden pou manje fwi yo.
15 I will plant them on their own land, and they will never again be uprooted out of the land that I have given them," says your Father. Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo, e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a, Bondye Ou a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]