Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Obadiah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The vision of Obadiah. This is what the Sovereign Father says about Edom: We have heard a message from our Father, and an envoy sent among the nations—"Rise up! Let us rise against her for battle!" Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”—
2 Look, I will make you small among the nations; you will be utterly despised. Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil.
3 The pride of your heart has deceived you, you who live in the clefts of the rock, whose home is the heights, who say to yourself, "Who can bring me down to the ground?" Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”
4 Though you soar like the eagle, though you set your nest among the stars, from there I will bring you down, declares our Father. “Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
5 If thieves came to you, if plunderers came by night—how you have been destroyed!—wouldn't they steal only what they wanted? If grape-pickers came to you, wouldn't they leave some grapes behind? Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès?
6 How Esau has been ransacked, his hidden treasures plundered! Ala depouye Ésaü va vin depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo!
7 All your allies have driven you to the border; those who were at peace with you have deceived you and overpowered you; those who shared your table have set a trap beneath you—and you don't even see it. Tout sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.
8 Will I not on that day, declares our Father, destroy the wise men of Edom and wipe out understanding from the mountain of Esau? Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a?
9 Your warriors will be shattered, Teman, so that everyone on the mountain of Esau will be cut down in the slaughter. Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak.
10 Because of the violence you did to your brother Jacob, shame will cover you, and you will be cut off forever. Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan.
11 On the day you stood by and did nothing, on the day strangers carried off his wealth and foreigners entered his gates and cast lots for Jerusalem—you too were like one of them. Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.
12 But do not gloat over your brother in the day of his misfortune; do not rejoice over the people of Judah in the day of their ruin; do not boast loudly in the day of distress. Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.
13 Do not enter the gate of my people in the day of their calamity; you of all people, do not gloat over his disaster in the day of his calamity; do not loot his wealth in the day of his calamity. Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo.
14 Do not stand at the crossroads to cut down his fugitives; do not hand over his survivors in the day of distress. Pa kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo.
15 For the day of our Father is near for all the nations. As you have done, it will be done to you; your deeds will come back on your own head. Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou.
16 For as you drank on my holy mountain, so all the nations will drink continually; they will drink and swallow and become as though they had never been. Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la.
17 But on Mount Zion there will be deliverance, and it will be holy, and the house of Jacob will possess their inheritance. Men sou mòn Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo.
18 The house of Jacob will be a fire and the house of Joseph a flame, and the house of Esau will be stubble; they will burn it and consume it, and there will be no survivor of the house of Esau, for our Father has spoken. Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.
19 Those of the Negev will possess the mountain of Esau, and those of the foothills the land of the Philistines; they will possess the land of Ephraim and the land of Samaria, and Benjamin will possess Gilead. Moun Negev la va vin posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede teritwa Éphraïm, teritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou.
20 The exiles of this army of the people of Israel will possess the land of the Canaanites as far as Zarephath, and the exiles of Jerusalem who are in Sepharad will possess the cities of the Negev. Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede vil Negev yo.
21 Deliverers will go up to Mount Zion to rule the mountain of Esau, and the kingdom will belong to our Father. Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]