Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what our Father says: For three sins of Moab, and for four, I will not revoke it—he burned the bones of Edom's king to lime. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te brile zo a wa Édom nan pou l fè lacho.
2 So I will send fire on Moab, and it will devour the strongholds of Kerioth; Moab will die amid the uproar, with shouting and the sound of the shofar. Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e li va devore sitadèl Kérijoth yo. Moab va mouri nan mitan gwo zen, kri lagè ak son a twonpèt.
3 I will cut off the ruler from her midst and kill all her officials with him, says our Father. Anplis, Mwen va koupe retire jij la nan mitan yo, e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.
4 This is what our Father says: For three sins of Judah, and for four, I will not revoke it—they rejected our Father's instruction and did not keep his rules, and their lies led them astray, the same lies their ancestors followed. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.
5 So I will send fire on Judah, and it will devour the strongholds of Jerusalem. Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, e li va devore palè a Jérusalem yo.”
6 This is what our Father says: For three sins of Israel, and four, I won't relent—they sell the righteous for silver, the needy for a pair of sandals. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, Mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan, e malere yo pou achte de grenn sapat.
7 They trample the heads of the poor into the dust of the earth and push the afflicted off the road. A man and his father go to the same girl, profaning my holy name. Sila yo k ap foule tèt a malere a, jis pou l rive nan pousyè, k ap refi bay jistis a oprimen an. Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
8 They stretch out beside every altar on garments taken as collateral, and in the house of their God they drink the wine of those they have fined. Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan ki te bay pou peye amann yo.
9 Yet it was I who destroyed the Amorite before them, as tall as the cedars and as strong as the oaks; I destroyed his fruit above and his roots below. Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
10 And it was I who brought you up out of the land of Egypt and led you forty years in the wilderness, to take possession of the land of the Amorite. “Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti peyi Égypte la. E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan karantan, pou nou ta ka posede peyi Amoreyen yo.
11 I raised up some of your sons as prophets and some of your young men as Nazirites. Is this not so, people of Israel? declares our Father. Mwen te fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt, e kèk nan jennonm nou yo kon Nazareyen. Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
12 But you made the Nazirites drink wine, and you commanded the prophets, saying, "Do not prophesy." Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin, e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: “Pa pwofetize!”
13 Look, I will crush you in your place, as a cart full of sheaves crushes the ground beneath it. Gade byen, Mwen va peze nou anba chaj, kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
14 Even the swift will find no escape, the strong will not hold on to his strength, and the warrior will not save his life. Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; Sila ki dyanm lan, p ap ka ranfòse fòs li, ni sila ki pwisan an, p ap ka delivre tèt li.
15 The archer will not stand his ground, the fleet-footed will not escape, and the horseman will not save his life. Ni sila ki fò ak banza a, p ap ka kanpe. Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li. Sila ki konn monte cheval la p ap chape.
16 Even the bravest of the warriors will flee away naked on that day, declares our Father. Menm pi brav pami gèrye yo va chape poul yo toutouni nan jou sa a”, di SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]