Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Amos 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The words of Amos, a shepherd of Tekoa, which he saw about Israel when Uzziah ruled Judah and Jeroboam son of Joash ruled Israel, two years before the earthquake. Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an.
2 He said: Our Father roars from Zion, sounds his voice from Jerusalem; the shepherds' pastures mourn, and Carmel's summit withers. Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
3 This is what our Father says: For three sins of Damascus, and for four, I will not turn it back, because they threshed Gilead with sledges of iron. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
4 So I will send a fire upon the house of Hazael, and it will devour the strongholds of Ben-hadad. Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.
5 I will break the gate-bar of Damascus, and cut off the one who sits enthroned in the Valley of Aven and the one who holds the scepter in Beth-eden; and the people of Aram will go into exile to Kir, says our Father. Anplis, Mwen va kase baryè an fè Damas la; Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,” di SENYÈ a.
6 So says our Father: For three crimes of Gaza, and for four, I will not reverse it—they exiled an entire people, handing them over to Edom. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te depòte tout pèp la, pou livre yo bay Édom.
7 So I will send a fire upon the wall of Gaza, and it will devour her strongholds. Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, epi li va devore sitadèl li yo nèt.
8 I will cut off the one enthroned in Ashdod and the one who holds the scepter in Ashkelon; I will turn my hand against Ekron, and the remnant of the Philistines will perish, says the Sovereign Father. Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a.
9 So says our Father: For three sins of Tyre, and for four, I will not relent, because they handed over a whole community of exiles to Edom and forgot the covenant of brothers. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, e yo pa t sonje akò fratènèl la.
10 So I will send a fire upon the wall of Tyre, and it will devour her strongholds. Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la, e li va devore sitadèl li yo.”
11 This is what our Father says: For three sins of Edom, and for four, I will not relent, because he chased his brother with the sword, stifled all compassion, his anger tore endlessly, and he kept his wrath forever. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.
12 So I will send a fire upon Teman, and it will devour the strongholds of Bozrah. Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”
13 This is what our Father says: For three sins of the Ammonites, and for four, I will not relent, because they ripped open Gilead's pregnant women to enlarge their border. Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.
14 So I will kindle a fire on the wall of Rabbah, and it will devour her strongholds, with shouting on the day of battle, with a tempest on the day of the whirlwind. Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray Rabba a. Li va devore sitadèl li yo nèt, nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
15 And their king will go into exile, he and his officials together, says our Father. Konsa, wa yo a va antre an egzil, li menm ansanm ak prens li yo,” di Senyè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]