Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joel 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "For look, in those days and at that time, when I restore the fortunes of Judah and Jerusalem, “Paske gade byen, nan jou sila yo ak nan lè sa a, lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
2 I will gather all the nations and bring them down to the Valley of Jehoshaphat. There I will judge them on behalf of my people, my inheritance Israel, whom they scattered among the nations; for they divided up my land, Mwen va rasanble tout nasyon yo pou mennen yo desann nan vale Josaphat la. Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, ke yo te gaye pami nasyon yo. Yo te divize tè Mwen an,
3 and they cast lots for my people. They traded a boy for a prostitute, and sold a girl for wine to drink. epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an. Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiye ak yon fi yo vann pou diven, pou yo ta ka bwè.”
4 "Now what do you have against me, Tyre and Sidon, and all the regions of Philistia? Are you repaying me for something I have done? If you are paying me back, I will swiftly and speedily bring what you have done back on your own heads. “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, ak tout rejyon a Philistine yo? Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? Men si Mwen pa jwenn rekonpans byen vit e san delè, Mwen va fè rekonpans nou an retounen sou tèt nou.
5 For you took my silver and my gold and carried my finest treasures into your temples. Akoz nou te pran ajan Mwen ak lò Mwen, e te mennen bagay presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
6 You sold the people of Judah and Jerusalem to the Greeks, to send them far away from their own land. epi nou te vann fis a Juda ak Jérusalem yo bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,
7 "But look, I am rousing them from the place to which you sold them, and I will bring what you have done back on your own heads. gade byen, Mwen va fè yo leve soti nan plas kote nou te vann yo, pou retounen rekonpans nou an sou pwòp tèt nou.
8 I will sell your sons and daughters to the people of Judah, and they will sell them to the Sabeans, to a nation far away—for our Father has spoken." Anplis, Mwen va vann fis nou yo ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo, yon nasyon byen lwen,” paske SENYÈ a fin pale.
9 Proclaim this among the nations: Prepare for war! Rouse the warriors! Let all the fighting men draw near and come up. Pwoklame sa pami nasyon yo: “Prepare nou pou fè lagè! Anime mesye pwisan yo! Kite tout sòlda yo vin pi pre. Kite yo monte kote nou.
10 Beat your plowshares into swords and your pruning hooks into spears; let the weakling say, "I am a warrior." Bat lam cha pou yo fè epe, ak kwòk rebondaj pou fè lans. Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
11 Hurry and come, all you surrounding nations, and gather yourselves there. Bring down your warriors, our Father. Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo. Rasanble nou ansanm.” Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
12 "Let the nations rouse themselves and come up to the Valley of Jehoshaphat; for there I will sit to judge all the surrounding nations. “Kite nasyon yo leve pwop tèt yo pou vin monte nan vale Josaphat la; paske se la Mwen va chita pou jije tout nasyon ki ozalantou yo.
13 Swing the sickle, for the harvest is ripe. Come, trample, for the winepress is full and the vats overflow—for their wickedness is great." Fè antre boutdigo rekòlt la, paske rekòlt la vin mi. Vin mache foule anba pye, paske pèz diven an vin plen. Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
14 Multitudes, multitudes in the valley of decision! For the day of our Father is near in the valley of decision. Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
15 The sun and the moon grow dark, and the stars hold back their light. Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.
16 Our Father roars from Zion and raises his voice from Jerusalem; the heavens and the earth tremble. But our Father is a refuge for his people, a stronghold for the children of Israel. Senyè a va gwonde soti nan Sion, e va sone vwa Li soti Jérusalem. Syèl yo ak tè a va tranble, men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a, ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
17 "Then you will know that I am your Father, living in Zion, my holy mountain. Jerusalem will be holy, and foreigners will never pass through it again. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.
18 "And in that day the mountains will drip with sweet wine, the hills will flow with milk, and all the streambeds of Judah will run with water. A spring will flow from my house and water the Valley of Acacias. Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.
19 Egypt will become a wasteland and Edom a desolate wilderness, because of the violence done to the people of Judah, in whose land they shed innocent blood. Égypte va vin yon dezè, Edom va vin yon savann dezole, akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20 But Judah will be inhabited forever, and Jerusalem through all generations. Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
21 I will cleanse the guilt of the blood shed against them—which I have not yet cleansed—for our Father dwells in Zion." Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo, paske SENYÈ a rete nan Sion.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]