Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joel 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Blow the ram's horn in Zion; sound the alarm on my holy mountain! Let all who live in the land tremble, for the day of our Father is coming—it is near: Soufle twonpèt la nan Sion, e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, paske jou SENYÈ a ap vini. Anverite, li vin pwòch.
2 A day of darkness and gloom, a day of clouds and thick darkness. Like dawn spreading across the mountains, a great and mighty army comes—nothing like it has ever been before, and nothing like it will ever come again. Yon jou fènwa ak pèdi espwa, yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; konsa gen yon gwo pèp pwisan. Pa t janm gen yon bagay konsa, ni p ap janm gen anyen ankò, jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.
3 Before them fire devours, and behind them a flame blazes. The land before them is like the garden of Eden, but behind them a desolate wilderness—and nothing escapes them. Devan yo, se dife k ap devore, e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo, men yon savann dezole dèyè yo, e nanpwen anyen ki chape.
4 They look like horses; like war horses they charge. Aparans yo se tankou aparans cheval la; epi kon yon kavalye kouri cheval li, se konsa yo kouri.
5 Like the rumbling of chariots they leap over the mountaintops, like the crackling of flame consuming stubble, like a mighty army drawn up for battle. Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo, se konsa yo sote; tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay, se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.
6 Before them peoples writhe in anguish; every face grows pale. Devan yo, pèp yo vin nan gwo soufrans. Tout figi yo vin pal.
7 Like warriors they charge; like soldiers they scale the wall. Each marches in line, never swerving from its course. Yo kouri tankou mesye pwisan yo. Yo monte mi tankou sòlda. Konsa, yo mache byen ranje, ni yo pa kite pa yo.
8 They do not jostle one another; each keeps to its own path. They burst through the weapons and are not halted. Youn pa jennen lòt. Yo chak mache nan pa yo. Lè y ap eklate travèse defans yo, yo pa kase ran ranje an.
9 They rush upon the city; they run along the wall. They climb into the houses; through the windows they enter like a thief. Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.
10 Before them the earth quakes, the heavens tremble. The sun and moon grow dark, and the stars no longer shine. Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
11 Our Father raises his voice at the head of his army; his camp is very great, and mighty are those who carry out his word. The day of our Father is great and utterly terrifying—who can endure it? Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. Anverite, kan Li vin byen gran, paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. Anverite, jou SENYÈ a gran. Li tèrib anpil! Se kilès ki ka sipòte li?
12 "Yet even now," declares our Father, "return to me with all your heart, with fasting, with weeping, and with mourning. “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, “retounen kote Mwen ak tout kè nou; avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
13 "Tear your hearts, not your garments. Return to your Father, for he is gracious and compassionate, slow to anger and abounding in covenant love, and he relents from sending disaster. Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.
14 Who knows? He may turn and relent and leave behind a blessing—a grain offering and a drink offering for your Father." Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
15 Blow a shofar in Zion; consecrate a fast; call a sacred assembly. Soufle yon twonpèt nan Sion! Konsakre yon jèn. Pwoklame yon asanble solanèl.
16 Gather the people; consecrate the assembly; bring together the elders; gather the children, even the infants nursing at the breast. Let the bridegroom come out of his room, and the bride from her chamber. Rasanble moun yo. Fè yon asanble ki sen. Reyini ansyen yo. Rasanble timoun ak sila pran tete yo. Kite mesye marye a sòti nan chanm li, e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
17 Let the priests who minister before our Father weep between the portico and the altar. Let them say, "Spare your people, our Father, and do not make your inheritance an object of scorn, a byword among the nations. Why should they say among the peoples, 'Where is their God?'" Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”
18 Then our Father became jealous for his land and took pity on his people. Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a, e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.
19 Our Father answered his people: "Look, I am sending you grain, new wine, and oil, and you will be satisfied with them. Never again will I make you an object of scorn among the nations." SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
20 "I will drive the northern army far from you, pushing it into a parched and desolate land—its front ranks into the Dead Sea and its rear into the Mediterranean Sea. Its stench will rise; its foul smell will go up, for it has done monstrous things. Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. Konsa, sant pouriti li a va vin leve. Movèz odè li va vin monte, paske se gwo bagay li te konn fè.”
21 Don't be afraid, land; rejoice and be glad, for our Father has done great things! Pinga nou pè, O peyi a! Rejwi e fè kè nou kontan, paske SENYÈ a te fè gwo bagay.
22 Do not be afraid, you animals of the field, for the pastures of the wilderness are turning green; the tree bears its fruit; the fig tree and the vine yield their riches. Pa pè, nou menm bèt chan yo; paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, paske pyebwa a vin bay fwi li. Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
23 Be glad, children of Zion, and rejoice in your Father, for he has given you the autumn rain to show his faithfulness; he sends down for you abundant showers, the autumn and the spring rains, as before. Konsa, se pou nou fè kè kontan, O fis a Sion yo! Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, li te fè vide sou nou lapli, premyè ak denyè lapli lan tankou avan an.
24 The threshing floors will be full of grain; the vats will overflow with new wine and oil. Glasi vannen yo va plen ak sereyal, e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.
25 I will repay you for the years the locusts have eaten—the swarming locust, the young locust, the destroying locust, and the cutting locust—my great army that I sent among you. Konsa, Mwen va restore bannou pou ane ke gwo krikèt te manje yo, ak ti krikèt la ki kouri a tè a, ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, gwo lame ke Mwen menm te voye pami nou.
26 You will eat your fill and be satisfied, and you will praise the name of your Father, who has dealt wondrously with you; and never again will my people be put to shame. Nou va genyen anpil manje, nou va vin satisfè, e nou va fè lwanj non SENYÈ a, Bondye nou a, ki te aji ak mèvèy avèk nou. Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.
27 Then you will know that I am in the midst of Israel, and that I am your Father, and there is no other; and never again will my people be put to shame. Konsa, nou va konnen ke Mwen nan mitan Israël, ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, e ke pa gen okenn lòt; epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.
28 "And afterward, I will pour out my Spirit on all flesh. Your sons and your daughters will prophesy, your old men will dream dreams, your young men will see visions. Li va vin rive apre sa, ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
29 Even on the male servants and the female servants in those days I will pour out my Spirit. Menm sou sèvitè ak sèvan yo, mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
30 I will show wonders in the heavens and on the earth—blood and fire and columns of smoke. Mwen va montre mèvèy yo nan syèl la ak sou tè a: san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
31 The sun will be turned to darkness and the moon to blood before the great and awesome day of our Father comes." Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.
32 And this will happen: everyone who calls on the name of the Lord will be saved; for on Mount Zion and in Jerusalem there will be deliverance, as our Father has said, among the survivors whom our Father calls. Epi li va vin rive ke nenpòt moun ki rele non SENYÈ a, li va delivre; paske nan Mòn Sion ak Jérusalem, va gen sila ki chape yo, jan SENYÈ a te di a, menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]