Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joel 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father that came to Joel son of Pethuel. Pawòl SENYÈ a te vin kote Joël, fis a Pethuel la.
2 Hear this, you elders; listen, all who live in this land. Has anything like this happened in your days, or in the days of your ancestors? Koute sa ansyen nou yo, koute sa, tout abitan peyi a! Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, oswa nan jou a papa zansèt nou yo?
3 Tell your children about it, and let your children tell their children, and their children the next generation. Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon.
4 What the cutting locust spared, the swarming locust ate; what the swarming locust spared, the hopping locust ate; and what the hopping locust spared, the destroying locust ate. Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.
5 Wake up, you drunkards, and weep; wail, all you wine drinkers, over the sweet wine, for it has been cut off from your lips. Moun sou yo, leve pou nou ka kriye! Rele fò, nou tout k ap bwè diven an, akoz diven dous lan, paske li deja retire pou l kite bouch nou.
6 "For a nation has invaded my land, mighty and beyond number; its teeth are the teeth of a lion, and it has the fangs of a lioness. Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an, ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl. Dan l se dan a yon lyon; gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon.
7 It has devastated my vines and splintered my fig tree; it has stripped off their bark and cast it aside, leaving their branches bare and white." Li te fè chan rezen mwen an vin yon kote gate. Li te rache pye fig mwen an. Li fin rache li nèt nèt, e jete li. Branch yo te vin blanch.
8 Wail like a virgin dressed in mourning clothes for the husband of her youth. Rele fò tankou yon vyèj ki abiye ak twal sak pou fiyanse jenès li ki mouri.
9 The grain offering and the drink offering are cut off from the house of our Father; the priests, the ministers of our Father, mourn. Ofrann sereyal ak ofrann bwason an vin kou pe soti lakay SENYÈ a. Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante.
10 The field is devastated, the ground mourns; for the grain is destroyed, the new wine dries up, the oil fails. Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.
11 Be ashamed, you farmers; wail, you grape growers, over the wheat and the barley, for the harvest of the field has perished. Se pou nou pa konprann anyèn, O kiltivatè yo! Rele anmwey, O nou menm k ap okipe pye rezen yo! Ble ak lòj la te peri nèt; rekòlt chan an fin detwi.
12 The vine is dried up, and the fig tree withers; the pomegranate, the palm, and the apple—all the trees of the field are dried up. Surely joy has withered away from all people. Pye rezen an vin sèch, e pye fig la vin pa donnen. Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.
13 Put on mourning clothes and lament, you priests; wail, you ministers of the altar. Come, spend the night in mourning clothes, you ministers of my Father; for the grain offering and the drink offering are withheld from the house of your Father. Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.
14 Declare a fast; call a sacred assembly. Gather the elders and all who live in the land to the house of our Father, and cry out to our Father. Vin konsakre jèn nan! Pwoklame asanble solanèl lan! Rasanble tout ansyen yo ak tout moun ki rete nan peyi a, pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou kriye fò anvè SENYÈ a.
15 Alas for the day! For the day of our Father is near, and it will come like destruction from the Almighty. Elas pou jou a! Paske jou SENYÈ a vin pwòch. Li va vini tankou destriksyon ki soti nan Toupwisan an.
16 Is not the food cut off right before our eyes—joy and gladness gone from the house of our Father? Èske manje a pa t retire soti devan zye nou? Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an?
17 The seeds shrivel in the parched ground; the storehouses are desolate, the granaries are torn down, for the grain has dried up. Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo. Depo yo vin abandone. Kay depo yo fin demoli nèt, paske sereyal la vin sispann nèt.
18 How the animals groan! The herds of cattle wander in confusion because they have no pasture; even the flocks of sheep suffer. Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj! Twoupo bèf yo ap gaye toupatou, paske pa gen patiraj pou yo. Menm bann mouton yo ap soufri.
19 To you, our Father, I call, for fire has devoured the pastures of the wilderness, and flame has burned all the trees of the field. A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye; paske dife fin devore patiraj nan savann yo, e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.
20 Even the wild animals cry out to you, for the streams have dried up, and fire has devoured the pastures of the wilderness. Menm bèt chan yo rele vè Ou menm; paske sous dlo yo fin seche e dife a te devore tout patiraj nan savann yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]