Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 16 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon Sòm David

1Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.

2Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

3Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.

4Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.

5SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.

6Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.

7Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.

8Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

9Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.Anplis, chè m va toujou pwoteje.

10Paske Ou p ap abandone nanm mwennan sejou mò yo;ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

11Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]