1Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
6a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
7a Sila ki te fè gran limyè yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
8solèy ki pou domine lajounen an,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9Lalin ak zetwal pou domine lannwit,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14ki te fè Israël pase nan mitan li,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17a Sila ki te frape gran wa yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18ki te touye wa pwisan yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19Sihon, wa Amoreyen an,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20ak Og, wa Basan an,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21e te bay peyi yo kon eritaj,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25ki bay manje a tout chè,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26Bay remèsiman a Bondye syèl la,paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.