Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My son, pay attention to my wisdom; listen closely to my understanding, Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
2 so that you may guard discretion and your lips may preserve knowledge. pou ou kab kenbe sajès e pou lèv ou ka konsève konesans.
3 For the lips of the forbidden woman drip honey, and her mouth is smoother than oil, Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;
4 but in the end she is bitter as poison, sharp as a double-edged sword. men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl, epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
5 Her feet go down to death; her steps take hold of the grave. Pye li yo desann vè lanmò e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
6 She gives no thought to the path of life; her ways wander, and she does not know it. Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
7 And now, my sons, listen to me, and do not turn away from the words of my mouth. Alò, fis mwen yo, koute mwen, e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
8 Keep your way far from her, and do not go near the door of her house, Kenbe wout ou byen lwen li, e pa pwoche toupre pòt lakay li.
9 lest you give your honor to others and your years to one who is cruel, Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo ak ane ou yo a mechan an.
10 lest strangers take their fill of your strength, and your hard-earned labors go to the house of a foreigner, Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou, e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou, va rive lakay a yon etranje.
11 and at your end you groan, when your flesh and body are consumed, Epi ou va plenyen nan gòj lè dènye moman lavi ou rive, lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
12 and you say, "How I hated discipline, and my heart despised correction! Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!
13 I did not listen to the voice of my teachers or heed my instructors. Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
14 I was at the brink of utter ruin in the midst of the assembled congregation." Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”
15 Drink water from your own cistern, flowing water from your own well. Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
16 Should your springs overflow in the streets, your streams of water in the public squares? Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje, kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
17 Let them be yours alone, and not shared with strangers. Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
18 May your fountain be blessed, and rejoice in the wife of your youth, Kite fontèn dlo ou a rete beni, e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 a loving doe, a graceful deer. May her love satisfy you always; may you be captivated continually by her love. Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan, kite tete li yo satisfè ou tout tan. Rete debòde nèt ak lanmou li.
20 Why then, my son, should you be captivated by a forbidden woman and embrace another man's wife? Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?
21 For a man's ways are before the eyes of our Father, and he examines all the man's paths. Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.
22 The wicked are caught by their own wrongdoing and held fast in the cords of their sin. Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.
23 He will die for lack of discipline, and he will go astray because of his great foolishness. Li va mouri akoz mank enstriksyon, e nan grandè foli li, li va vin egare.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]