Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Listen, my children, to a father's instruction; pay attention, and gain understanding. Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2 I am giving you sound teaching, so do not abandon my instruction. Paske mwen bay ou bon konsèy; pa abandone enstriksyon mwen.
3 For I too was a son to my father, tender and the only beloved of my mother. Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4 He taught me and said, "Let your heart hold on to my words; keep my commands and you will live. Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5 Get wisdom, get understanding; do not forget, and do not turn away from the words of my mouth. Vin ranmase sajès! Ranmase bon konprann! Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Do not forsake her, and she will protect you; love her, and she will watch over you. Pa abandone li e li va pwoteje ou; renmen li e li va veye sou ou.
7 The beginning of wisdom is this: get wisdom; and with all you acquire, get understanding. Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann.
8 Cherish her, and she will lift you high; embrace her, and she will bring you honor. Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l.
9 She will set a garland of grace on your head; she will present you with a crown of glory." Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras; li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
10 Listen, my son, and receive my words, and the years of your life will be many. Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo, e lane lavi ou yo va vin byen long.
11 I have taught you the way of wisdom; I have led you along straight paths. Mwen te dirije ou nan chemen sajès la; mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
12 When you walk, your steps will not be held back; and when you run, you will not stumble. Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
13 Hold on to instruction, do not let go; guard her, for she is your life. Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou.
14 Do not set foot on the path of the wicked, and do not walk in the way of evildoers. Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo.
15 Avoid it, do not travel on it; turn away from it and pass on by. Evite li, pa pase kote li; vire kite li e ale byen lwen.
16 For they cannot sleep unless they do wrong; they are robbed of rest unless they make someone stumble. Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.
17 They feed on the bread of wickedness and drink the wine of violence. Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans.
18 But the path of the righteous is like the light of dawn, shining brighter and brighter until the full light of day. Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19 The way of the wicked is like deep darkness; they do not know what makes them stumble. Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
20 My son, pay attention to my words; listen closely to my sayings. Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo; panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
21 Never lose sight of them; keep them deep within your heart. Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou.
22 For they are life to those who find them, and healing to their whole body. Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo, ak lasante a tout kò yo.
23 Above all else, guard your heart, for everything you do flows from it. Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.
24 Keep crooked speech from your mouth, and keep deceitful lips far from you. Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25 Let your eyes look straight ahead; fix your gaze directly before you. Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26 Give careful thought to the path for your feet, and all your ways will be secure. Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli.
27 Do not turn to the right or the left; keep your foot away from evil. Pa vire ni adwat ni agoch; fè pye ou vire kite mal.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]