Side by side with the Father's Heart Bible™ 1Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2Paske mwen bay ou bon konsèy;pa abandone enstriksyon mwen.
3Lè m te yon jenn timoun ak papa m,byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5Vin ranmase sajès!Ranmase bon konprann!Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6Pa abandone li e li va pwoteje ou;renmen li e li va veye sou ou.
7Men sa ki kòmansman sajès la:Ranmase sajès!Epi avèk sa ou rasanble a,chache bon konprann.
8Mete valè li wo e li va fè ou leve;li va bay ou onè si ou anbrase l.
9Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras;li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
10Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,e lane lavi ou yo va vin byen long.
11Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
12Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
13Pran enstriksyon; pa lage menm.Pwoteje li paske li se lavi ou.
14Pa antre nan chemen mechan yo,e pa avanse nan vwa malfektè yo.
15Evite li, pa pase kote li;vire kite li e ale byen lwen.
16Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;epi dòmi vin vòlè soti nan zye yosi yo pa fè lòt glise tonbe.
17Paske yo manje pen a malveyan yoe bwè diven vyolans.
18Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmatenki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19Chemen mechan yo tankou tenèb;yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
20Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
21Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;kenbe yo nan fon kè ou.
22Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,ak lasante a tout kò yo.
23Veye sou kè ou ak tout dilijans;paske de li, sous lavi yo koule.
24Mete lwen de ou yon bouch mantie mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25Kite zye ou gade tou dwat devane kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26Veye wout pye ou konn prane tout chemen ou yo va byen etabli.
27Pa vire ni adwat ni agoch;fè pye ou vire kite mal.