Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My son, do not forget my teaching, but let your heart keep my commandments, Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 for they will add length of days and years of life and peace to you. paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou.
3 Do not let covenant love and faithfulness leave you; bind them around your neck, write them on the tablet of your heart. Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
4 So you will find favor and a good reputation with our Father and with people. Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.
5 Trust in our Father with all your heart, and do not lean on your own understanding. Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 In all your ways know him, and he will make your paths straight. Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Do not be wise in your own eyes; fear our Father, and turn away from evil. Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 This will bring healing to your body and refreshment to your bones. Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou, ak rafrechisman a zo ou.
9 Honor our Father with your wealth and with the firstfruits of all your produce, Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 then your barns will be filled with plenty, and your vats will overflow with new wine. pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11 My son, do not despise the discipline of our Father or be weary of his correction, Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li,
12 for our Father disciplines the one his heart loves, just as a father disciplines the son he delights in. Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
13 Blessed is the one who finds wisdom, and the one who gains understanding, A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 for the gain from her is better than gain from silver, and her profit better than gold. Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 She is more precious than jewels, and nothing you desire can compare with her. Li pi presye pase bijou; e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Long life is in her right hand; in her left hand are riches and honor. Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Her ways are pleasant, and all her paths are peace. Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè.
18 She is a tree of life to those who take hold of her; those who hold her fast are called blessed. Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 Our Father by wisdom founded the earth; by understanding he established the heavens; SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 by his knowledge the depths burst open, and the clouds drop down the dew. Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 My son, do not lose sight of these; keep sound wisdom and discretion, Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 and they will be life for your soul and an adornment for your neck. Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.
23 Then you will walk on your way securely, and your foot will not stumble. Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, e pye ou p ap chape.
24 If you lie down, you will not be afraid; when you lie down, your sleep will be sweet. Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Do not be afraid of sudden terror, or of the ruin of the wicked when it comes, Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini.
26 for our Father will be your confidence and will keep your foot from being caught. Paske Bondye va konfyans ou, e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
27 Do not withhold good from those who deserve it, when it is in your power to do it. Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Do not say to your neighbor, "Go, and come back, and tomorrow I will give it"—when you have it with you. Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29 Do not plot evil against your neighbor, who lives trustingly beside you. Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 Do not quarrel with anyone for no reason, when he has done you no harm. Pa fè kont ak yon nonm san koz, depi li pa konn fè ou tò.
31 Do not envy a violent man, and do not choose any of his ways, Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
32 for the devious person is detestable to our Father, but he takes the upright into his confidence. Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 The curse of our Father is on the house of the wicked, but he blesses the home of the righteous. Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
34 Toward the mockers he is scornful, but to the humble he gives grace. Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35 The wise will inherit honor, but fools get only disgrace. Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj, men moun plen foli yo va dezonere.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]