Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My son, if you receive my words and store up my commandments within you, Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo, e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 making your ear attentive to wisdom and turning your heart toward understanding; e fè zòrèy ou atantif a sajès; e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 yes, if you call out for insight and raise your voice for understanding, wi, si ou leve vwa w pou sajès; e leve vwa ou vè bon konprann;
4 if you seek it like silver and search for it as for hidden treasure, si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 then you will understand the fear of our Father and find the knowledge of our Father. nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a, e dekouvri konesans Bondye a.
6 For our Father gives wisdom; from his mouth come knowledge and understanding. Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7 He stores up sound wisdom for the upright; he is a shield to those who walk in integrity, Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8 guarding the paths of justice and watching over the way of his faithful ones. Ka p veye chemen lajistis yo, e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
9 Then you will understand righteousness and justice and fairness—every good path. Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis, e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10 For wisdom will enter your heart, and knowledge will be pleasant to your soul; Paske, sajès va antre nan kè ou, e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11 discretion will watch over you, and understanding will guard you, Bon konprann va pwoteje ou, konesans va veye sou ou,
12 rescuing you from the way of evil, from men who speak twisted things, pou pwoteje ou kont chemen mal la, kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
13 who abandon the paths of uprightness to walk in the ways of darkness, Kont sila ki kite chemen ladwati yo pou mache nan chemen fènwa yo;
14 who delight in doing evil and rejoice in the perversity of evil, ki pran plezi nan fè sa ki mal e rejwi nan mechanste mal la.
15 whose paths are crooked, and who are devious in their ways. Chemen a sila ki vin kwochi yo e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
16 Wisdom will rescue you also from the forbidden woman, from the stranger with her smooth words, Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
17 who forsakes the companion of her youth and forgets the covenant of her Father. ki kite konpanyen jenès li a, e ki bliye akò a Bondye li;
18 For her house sinks down to death, and her paths to the dead. paske lakay li mennen a lanmò e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
19 None who go to her return, nor do they reach the paths of life. Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò, ni yo pa jwenn pa lavi.
20 So you will walk in the way of the good and keep to the paths of the righteous. Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo, e swiv tras a moun ladwati yo.
21 For the upright will live in the land, and those of integrity will remain in it; Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, e sila ki san tò yo va rete ladann;
22 but the wicked will be cut off from the land, and the treacherous will be torn away from it. men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, e moun trèt yo va dechouke de li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]