Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The proverbs of Solomon, son of David, king of Israel: Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
2 To know wisdom and instruction, to understand words of insight, pou konnen sajès avèk enstriksyon, Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
3 to receive instruction in wise conduct, in righteousness, justice, and fairness, Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès, ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
4 to give prudence to the simple, knowledge and discretion to the young, Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
5 let the wise also hear and increase in learning, and let the one who understands gain guidance, Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
6 to understand a proverb and a parable, the words of the wise and their riddles. Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
7 The fear of our Father is the beginning of knowledge; fools despise wisdom and instruction. Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
8 Listen, my son, to your father's instruction, and don't turn away from your mother's teaching, Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou, e pa abandone leson a manman ou yo;
9 for they are a graceful garland for your head and pendants for your neck. Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou, ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
10 My son, if sinners entice you, do not give in. Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.
11 If they say, "Come with us, let us lie in wait for blood, let us ambush the innocent without cause; Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san, annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;
12 like the grave let us swallow them alive, and whole, like those who go down to the pit; Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo, menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.
13 we will find all kinds of precious goods, we will fill our houses with plunder; Nou va jwenn tout kalite byen presye, nou va ranpli lakay nou ak piyaj.
14 throw in your lot with us; we will all share one purse," Tire osò pa ou ansanm ak nou. Nou tout va gen yon sèl bous”—
15 my son, do not walk in the way with them; hold back your foot from their paths, Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo. Anpeche pye ou antre sou wout yo,
16 for their feet run to evil, and they hurry to shed blood. Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.
17 For a net spread out before any bird's eyes catches nothing; Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye devan nenpòt kalite zwazo;
18 but these lie in wait for their own blood; they ambush their own lives. men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.
19 Such are the ways of everyone greedy for unjust gain; it takes away the life of its possessors. Se konsa tout chemen yo ye a pou tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans. Se pwòp lavi yo kap vin rache.
20 Wisdom cries aloud in the street; in the open squares she lifts her voice. Sajès rele fò nan lari. Li leve vwa li nan plas la.
21 At the head of the noisy streets she calls out; at the entrance of the city gates she speaks: Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo:
22 "How long, simple ones, will you love being simple? How long will mockers delight in their mocking and fools hate knowledge? “Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
23 If you respond to my correction, I, Wisdom, will pour out my spirit on you; I will make my words known to you. Vire sou repwòch mwen an. Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou. Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.
24 Because I have called and you refused, I stretched out my hand and no one paid attention, Akoz mwen te rele nou e nou te refize; mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
25 and you ignored all my counsel and rejected all my correction, men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;
26 I also will laugh at your calamity; I will mock when terror overtakes you, konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo. Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,
27 when terror overtakes you like a storm and your calamity comes like a whirlwind, when distress and anguish come upon you. lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt e gwo dezas nou yo tankou toubiyon, lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.
28 Then they will call on me, but I will not answer; they will seek me earnestly but will not find me, Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
29 because they hated knowledge and did not choose the fear of our Father, akoz yo te rayi konesans e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
30 they rejected my counsel and despised all my correction. Yo te refize konsèy mwen. Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
31 So they will eat the fruit of their own way and have their fill of their own schemes. Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
32 For the waywardness of the simple will kill them, and the complacency of fools will destroy them; Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
33 but whoever listens to me will dwell secure and be at ease, without dread of disaster." Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]