Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My son, if you have put up security for your neighbor, if you have shaken hands in pledge for a stranger, Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou, ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 you have been snared by the words of your mouth, caught by the words of your mouth. Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou, ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 Then do this, my son, and free yourself, for you are now at your neighbor's mercy: go, humble yourself, and plead with your neighbor. Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou. Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an, ale desann pou jennen vwazen ou an.
4 Give no sleep to your eyes, no slumber to your eyelids. Pa kite dòmi tonbe nan zye ou, ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5 Free yourself like a gazelle from the hand, like a bird from the hand of the trapper. Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè, oswa zwazo a nan pelen moun lachas la.
6 Go to the ant, you sluggard; consider her ways and be wise. Ale kote foumi, o parese. Veye abitid li yo e vin saj!
7 Without having any chief, officer, or ruler, Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 she prepares her bread in summer and gathers her food in harvest. kon prepare manje li nan gran sezon an e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 How long will you lie there, sluggard? When will you arise from your sleep? Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 A little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to rest, Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 and poverty will come upon you like a robber, and scarcity like an armed man. mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon, e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
12 A worthless person, a wicked man, goes about with crooked speech, Yon sanzave, yon moun mechan se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
13 winks with his eyes, signals with his feet, points with his fingers, ki bat zye li, ki fè siy ak pye li, ki pwente ak dwèt li;
14 with perverted heart he devises evil, continually sowing discord; ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.
15 therefore calamity will come upon him suddenly; in a moment he will be broken beyond healing. Pou sa, malè li va parèt sibitman; nan yon enstan li va kase nèt; e li p ap gen gerizon ditou.
16 There are six things our Father hates, seven that are detestable to him: Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi; wi sèt menm ki abominab devan l:
17 haughty eyes, a lying tongue, and hands that shed innocent blood, Zye ògeye, yon lang k ap bay manti, avèk men ki vèse san inosan,
18 a heart that devises wicked plans, feet that hurry to run to evil, Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 a false witness who breathes out lies, and one who sows discord among brothers. Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
20 My son, keep your father's commandment, and do not forsake your mother's teaching. Fis mwen an, swiv lòd a papa ou e pa abandone enstriksyon manman ou.
21 Bind them on your heart always; tie them around your neck. Mare yo tout tan sou kè ou; mare yo nan kou ou.
22 When you walk, they will lead you; when you lie down, they will watch over you; and when you awake, they will talk with you. Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23 For the commandment is a lamp and the teaching a light, and the reproofs of discipline are the way of life, Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24 to keep you from the evil woman, from the smooth tongue of the adulteress. pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a, a lang glise de fanm adiltè a.
25 Do not desire her beauty in your heart, and do not let her capture you with her eyelashes; Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 for the price of a prostitute is only a loaf of bread, but a married woman hunts down a precious life. Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.
27 Can a man carry fire next to his chest and his clothes not be burned? Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo pou rad li pa brile?
28 Or can one walk on hot coals and his feet not be scorched? Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen, san ke pye l pa brile?
29 So is he who sleeps with his neighbor's wife; none who touches her will go unpunished. Se konsa li ye ak yon nonm ki antre nan madanm vwazen li. Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
30 People do not despise a thief if he steals to satisfy his appetite when he is hungry, Pèsòn pa meprize yon vòlè kap vòlè pou l kab satisfè grangou.
31 but if he is caught, he will pay sevenfold; he will give all the goods of his house. Men si pa aza, li jwenn li, la oblije repeye li sèt fwa. Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
32 He who commits adultery lacks sense; he who does it destroys himself. Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
33 He will get wounds and dishonor, and his disgrace will not be wiped away. L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.
34 For jealousy makes a man furious, and he will show no mercy in the day of vengeance. Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm; li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 He will accept no compensation; he will refuse no matter how large the bribe. Li p ap dakò dedonmaje ak ranson, ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]