Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 3 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Konsa, mwen te di:“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak silak ap gouvène lakay Israël yo.Èske nou pa dwe konnen lajistis?

2Nou menm ki rayi sa ki bon,e ki renmen sa ki mal;ki chire po yo sou kò yo,ak chè yo soti sou zo yo;

3k ap anplismanje chè pèp Mwen an,chire po yo sou yo, kraze zo yoe koupe yo an mòso,tankou se pou mete nan chodyè,tankou vyann nan bonm nan.

4Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a,men Li p ap reponn yo.Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm,akoz yo te pratike zak ki mechan.”

5Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.

6Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyone fènwa pou nou—san apèsi davni.Solèy la va kouche sou pwofèt yo,e lajounen va vin fènwa sou yo.

7Vwayan yo va wonte divinò yo va nan konfizyon.Anverite, yo tout va kouvri bouch yoakoz Bondye pa reponn.

8Men kanta mwen menm,mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,ak jistis ak kouraj Li,pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an;menm a Israël, peche pa l la.

9Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,ki rayi jistis,e ki vire tòde tout sa ki dwat,

10Ki bati Sion ak san koule,e Jérusalem ak vyolans e enjistis.

11Chèf li yo fè jijmanpou jwenn sa ki glise anba tab,e prèt li yo enstwi pou kòb,pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?Okenn malè p ap rive sou nou.”

12Konsa, akoz nou menm,Sion va vin raboure tankou yon chan,e Jérusalem va vin yon pil mazi,e mòn tanp lan va devnitankou wo plas yo nan forè a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]