Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 2 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Malè a sila k ap fè plan inikite yo,k ap manevre mechanste sou kabann yo!Lè maten rive, yo pratike li,paske sa nan pouvwa a men yo.

2Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,kay yo, e konsa yo pran yo.Yo oprimen yon nonm ak kay li,Yon nonm ak tout eritaj li.

3Pou sa, pale SENYÈ a:“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a,yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou;ni nou p ap ka mache ak awogans,paske sa se yon move tan.

4Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl;mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris.Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt!Li divize eritaj a pèp mwen an.A la retire, Li retire l nan men mwen!Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”

5Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann lign mezipou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.

6“Pa pwofetize”!—yo pwofetize—“Pa pwofetize de bagay de sila yo.Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”

7Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob?“Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè?Èske bagay sa yo se zèv pa Li?Èske pawòl Mwen yo pa fè byenpou sila k ap mache dwat la?”

8Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi.Nou chire retire manto ak abimande sila k ap pase pa aza yo;moun k ap retounen, soti nan lagè.

9Fanm a pèp Mwen yo, nou chase yo deyòpou soti kite bèl ti kay yo.Nan men jèn pitit yo, nou rache retiretout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.

10Leve ale!Se pa isit ou ap jwenn repo;li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi,menm avèk yon destriksyon byen grav.

11Si yon nonm ap mache nan yonlespri manti pou l di:“Mwen va pale avèk nou konsènandiven ak bwason fò,”li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.

12Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob!Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo.Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak;tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo.Y ap plenn ak moun.

13Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo.Yo kraze pòtay la pou soti.Se wa yo ki pase devan yo,ak SENYÈ la a latèt yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]