Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 4 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòna SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yova kouri kon dlo pou rive kote l.

2Anpil nasyon va vin di:“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,lakay Bondye Jacob la,pou L ka enstwi nou nan chemen Li yoe pou nou ka mache sou pa Li yo.”Paske depi nan Sion, lalwa va sòtie pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.

3Konsa, Li va jije antre anpil pèp e prandesizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen chapou laboure latè yo,ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.Nasyon p ap leve nepe kont nasyon ep ap aprann fè lagè ankò.

4Men yo va fè chak moun chita anba chanrezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.Pèsòn p ap fè yo pè:paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.

5Malgre tout pèp yo machenan non dye pa yo, pou nou menm,nou va mache nan non SENYÈ Bondyenou an jis pou tout tan e pou tout tan.

6“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,“Mwen va rasanble moun bwate yo,e Mwen va reyini moun rejte yo,ak sa ke M te aflije yo.

7Mwen va fè moun bwate yovin yon retay, e moun rejte yovin yon nasyon pwisan;Konsa, SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Siondepi koulye a rive jis pou tout tan.”

8A nou menm, wo tou bann mouton an,mòn fi Sion an,sou ou menm, li va retounen.Wi, menm ansyen pouvwa a,wayòm nan de fi Jérusalem nan.

9Alò, poukisa ou rele anmwey konsa?Èske pa gen wa pami nou?Èske konseye nou an fin peri?Kite gwo doulè a sezi noukon yon fanm k ap pouse fè pitit?

10Se pou ou vin an doulè,doulè pou pouse fè pititfi a Sion an,kon yon fanm ki ansent;paske koulye a, ou va sòti nan vil lapou rete nan chan,e ou va ale menm nan Babylone.La, ou va delivre.La, SENYÈ a va rachte ou,soti nan men ènmi ou yo.

11Epi koulye a, gen anpil nasyonki rasanble kont ou k ap di:“Kite li fin souye nèt,e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”

12Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a,ni yo pa konprann bi Li a;paske Li te ranmase moun sa yo,kon pakèt sereyal yo,pou pote sou glasi vannen an.

13Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an!Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,e zago ou kon yon zago an bwonz.Ou va bat an mòso anpil pèp,pou ou kapab konsakre a SENYÈ atout richès enjis pa yo,ke nou ranmase ak tout byen pa yo,bay SENYÈ tout latè a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]