Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the last days the mountain where our Father's house stands will be firmly established as the highest of the mountains, lifted high above the hills, and peoples will stream to it. Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.
2 Many nations will come and say, "Come, let us go up to the mountain of our Father, to the house of the God of Jacob, that he may teach us his ways and we may walk in his paths." For instruction will go out from Zion, and the word of our Father from Jerusalem. Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
3 He will judge between many peoples and settle disputes for strong nations far away. They will beat their swords into plowshares and their spears into pruning hooks; nation will not lift up sword against nation, nor will they train for war anymore. Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha pou laboure latè yo, ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e p ap aprann fè lagè ankò.
4 Each will sit under his own vine and under his own fig tree, and no one will make them afraid, for the Father of heaven's armies himself has spoken. Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
5 For all the peoples walk in the name of their own god, but we will walk in the name of our Father forever and ever. Malgre tout pèp yo mache nan non dye pa yo, pou nou menm, nou va mache nan non SENYÈ Bondye nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
6 In that day, declares our Father, I will gather the lame and bring together the outcast, those whom I have afflicted. “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “Mwen va rasanble moun bwate yo, e Mwen va reyini moun rejte yo, ak sa ke M te aflije yo.
7 I will make the lame into a remnant, and those driven far away into a strong nation, and our Father will reign over them on Mount Zion from now on and forever. Mwen va fè moun bwate yo vin yon retay, e moun rejte yo vin yon nasyon pwisan; Konsa, SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion depi koulye a rive jis pou tout tan.”
8 And you, tower of the flock, hill of the daughter of Zion, to you it will come—the former dominion will return, the kingdom of the daughter of Jerusalem. A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm nan de fi Jérusalem nan.
9 Now why do you cry aloud? Is there no king among you? Has your counselor perished, that pain has seized you like a woman in labor? Alò, poukisa ou rele anmwey konsa? Èske pa gen wa pami nou? Èske konseye nou an fin peri? Kite gwo doulè a sezi nou kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
10 Writhe and groan, daughter of Zion, like a woman in labor, for now you will go out from the city and live in the open field; you will go to Babylon. There you will be rescued; there our Father will redeem you from the hand of your enemies. Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.
11 Now many nations are gathered against you, saying, "Let her be defiled, and let our eyes gloat over Zion." Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
12 But they do not know the thoughts of our Father; they do not understand his plan, that he has gathered them like sheaves to the threshing floor. Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a, ni yo pa konprann bi Li a; paske Li te ranmase moun sa yo, kon pakèt sereyal yo, pou pote sou glasi vannen an.
13 Arise and thresh, daughter of Zion, for I will make your horn iron and your hooves bronze; you will crush many peoples, and you will devote their gain to our Father, their wealth to the Sovereign of all the earth. Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]