Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Marshal your forces, daughter of troops! A siege has been laid against us. With a rod they strike the judge of Israel on the cheek. Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.
2 But you, Bethlehem Ephrathah, though you are small among the clans of Judah, from you will come forth for me one who will be ruler over Israel, whose origins are from ancient times, from the days of eternity. Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
3 Therefore he will give them up until the time when the woman in labor has given birth; then the rest of his brothers will return to the people of Israel. Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. Nan lè sa a, retay nan frè li yo va retounen vin jwenn fis Israël yo.
4 And he will stand and shepherd his flock in the strength of our Father, in the majesty of the name of his Father. And they will live in safety, for now he will be great to the ends of the earth. Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.
5 And he himself will be our peace. When Assyria comes into our land and treads on our fortresses, then we will raise against him seven shepherds and eight leaders of men. Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, e lè li va mache nan palè nou yo. Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
6 They will shepherd the land of Assyria with the sword, and the land of Nimrod at its entrances. And the ruler will deliver us from Assyria when it comes into our land and treads within our borders. Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
7 Then the remnant of Jacob will be in the midst of many peoples like dew from our Father, like showers on the grass, which do not wait for anyone or delay for any person. Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.
8 And Jacob's remnant will live among the nations, surrounded by many peoples—like a lion among the wild animals of the forest, like a young lion prowling among flocks of sheep, which, when it passes through, tramples and tears, and no one can rescue. Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.
9 Your hand will be lifted up over your adversaries, and all your enemies will be cut off. Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
10 And in that day, declares our Father, I will cut off your horses from among you and destroy your chariots. “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, “ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11 I will cut off the cities of your land and tear down all your strongholds. “Anplis, Mwen va koupe retire vil nan peyi nou yo, e mwen va jete tout miray fòterès nou yo.
12 I will cut off sorceries from your hand, and you will have no more fortune-tellers. Mwen va koupe retire zafè tout wanga soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
13 I will cut off your carved images and your sacred pillars from among you, and you will no longer bow down to the work of your hands. Mwen va retire imaj taye nou yo ak pilye sakre ki pami nou yo, pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
14 I will uproot your Asherah poles from among you and demolish your cities. Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo, e mwen va detwi vil nou yo.
15 And in anger and fury I will bring judgment on the nations that did not obey. Epi Mwen va egzekite vanjans kòlè ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]