Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear what our Father says: Stand, plead your case before the mountains; let the hills hear your voice. Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: “Leve, plede ka ou devan mòn yo; kite kolin yo tande vwa ou.
2 Listen, mountains, to our Father's case, and you lasting foundations of the earth; for our Father has a case against his people, and he will contend with Israel. Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.
3 My children, what have I done to you? How have I wearied you? Answer me! “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? Nan kisa Mwen te fatige ou? Reponn Mwen!
4 For I brought you up from the land of Egypt and redeemed you from the house of slavery; I sent before you Moses, Aaron, and Miriam. Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”
5 My children, remember what Balak king of Moab planned, and what Balaam son of Beor answered him, from Shittim to Gilgal, so you will know the righteous acts of your Father. Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
6 What should I bring when I come before our Father? How should I bow before our Father on high? Will I come to him with burnt offerings, with year-old calves? Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a, e bese m ba devan Bondye anlè a? Èske mwen ta vini ak ofrann brile, ak ti bèf ki gen yon lane?
7 Will our Father be pleased with thousands of rams, with 10,000 rivers of oil? Will I give my firstborn for my rebellion, the child of my own body for the sin of my soul? Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo? Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay pou zak rebelyon mwen yo? Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
8 He has told you what is good; and what does our Father require of you but to do justice, to love kindness, and to walk humbly with your Father? Li te montre ou, O lòm, sa ki bon. Ki sa SENYÈ a egzije de ou? Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd, e mache nan imilite ak Bondye ou a?
9 The voice of our Father calls to the city—and it is sound wisdom to fear your name—"Listen, tribe, and the one who appointed it! Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.
10 Are there still treasures of wickedness in the house of the wicked, and the accursed short measure? Èske toujou gen trezò mechanste lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? Ki se madichonnen?
11 Will I declare innocent the one with dishonest scales, with a bag of deceitful weights? Èske Mwen kapab tolere yon fo balans ak yon sachè fo pèz?
12 Your rich men are full of violence, your inhabitants speak lies, and their tongues are full of deceit. Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
13 So I myself have begun to strike you, making you desolate because of your sins. Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav. Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
14 You will eat but not be satisfied, and your hunger will stay within you; you will store up but not save, and what you save I will give over to the sword. Ou va manje, men ou p ap satisfè. Imilyasyon ou va nan mitan ou. Ou va vin mete sou kote, men ou p ap konsève, e sa ke ou t ap rezève a, Mwen va bay li a nepe.
15 You will sow but not reap; you will press olives but have no oil to use, and press the grapes but not drink the wine. Ou va simen, men ou p ap rekòlte. Ou va kraze grenn oliv anba pye, men ou menm p ap onksyone ak lwil; kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.
16 For you have kept the statutes of Omri and all the works of the house of Ahab, and you have followed their ways; so I will make you a desolation and your inhabitants a mockery, and you will bear the scorn of my children." Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]