Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 How miserable I am! I am like someone who gathers summer fruit, like one who gleans the vineyard after harvest: there is no cluster to eat, no early fig I long for. Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.
2 The faithful have vanished from the land, and there is no one upright among the people; they all lie in wait for blood, each hunting his brother with a net. Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
3 Their hands are skilled at evil: the official demands a bribe, the judge accepts a payoff, and the powerful dictate what they want—and so they all conspire together. Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
4 The best of them is like a brier, the most upright worse than a thorn hedge. The day your watchmen warned of, the day of your reckoning, has come; now their confusion is near. Pi bon nan yo se pikan. Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. Jou gadyen ou, jou vizitasyon ou an fin rive. Koulye a y ap boulvèse, egare nèt.
5 Put no trust in a neighbor; have no confidence in a close friend; guard what you say even to the one who lies in your arms. Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!
6 For the son treats the father with contempt, the daughter rises against her mother, the daughter-in-law against her mother-in-law; a person's enemies are the members of his own household. Paske fis la derespekte papa a, e fi a leve kont manman li, bèlfi a kont bèlmè li; lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
7 But as for me, I will watch for our Father; I will wait for the Father who saves me; my Father will hear me. Men pou mwen menm, mwen va gade vè SENYÈ a. Mwen va tann Bondye a sali mwen an. Bondye mwen an va koute mwen.
8 Do not gloat over me, my enemy! Though I have fallen, I will rise; though I sit in darkness, our Father will be my light. Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. Malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a va yon limyè pou mwen.
9 I will bear the indignation of our Father, because I have sinned against him, until he takes up my case and brings me justice. He will bring me out into the light, and I will see his vindication. Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a, akoz mwen te peche kont Li, jiskaske li plede ka mwen an, e egzekite jijman pou mwen. Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè, e mwen va wè ladwati Li.
10 Then my enemy will see it and be covered with shame, she who said to me, "Where is the LORD your God?" My eyes will look on her; now she will be trampled down like mud in the streets. Answit, lènmi m va wè sa, e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: “Kote SENYÈ Bondye ou a?” Zye m va gade fi sa a. Epi konsa, nan lè sa a, li va vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.
11 The day for rebuilding your walls will come, the day your boundaries will be extended far and wide. Sa va yon jou pou bati miray ou yo. Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.
12 In that day they will come to you from Assyria and the cities of Egypt, from Egypt to the River, from sea to sea and mountain to mountain. Sa va yon jou ke yo va vin kote ou soti Assyrie ak vil Égypte yo; soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la, menm soti nan lanmè, rive nan lanmè, nan mòn rive nan mòn.
13 But the earth will become desolate because of those who live in it, as the fruit of their deeds. Malgre, latè va vin dezole akoz sila k ap viv ladann yo, akoz fwi a zak yo.
14 Shepherd your people with your staff, the flock of your inheritance, who live alone in a forest in the midst of fertile pasture. Let them graze in Bashan and Gilead as they did long ago. Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou kont yo, nan forè. Kite yo manje nan mitan bon pa, nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.
15 As in the days when you came out of the land of Egypt, I will show them wonders. “Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la, Mwen va montre ou Mirak.”
16 The nations will see and be ashamed of all their might; they will put their hands over their mouths, and their ears will go deaf. Nasyon yo va wè, e yo va wont de tout pwisans yo. Yo va mete men yo sou bouch yo; zòrèy yo va vin soud.
17 They will lick the dust like a serpent, like creatures that crawl on the ground. They will come trembling from their strongholds; they will turn to our Father in dread, and they will be afraid of you. Yo va niche pousyè tankou sèpan. Tankou bagay k ap ranpe sou latè, yo va sòti tou ap tranble nan sitadèl souteren yo. Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak gwo lakrent; konsa, yo va pè devan Ou.
18 Who is like our Father, who pardons sin and passes over the rebellion of the remnant of his inheritance? He does not hold on to his anger forever, because his heart delights in covenant love. Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19 He will again have compassion on us; he will tread our wrongdoing underfoot. You will hurl all our sins into the depths of the sea. Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 You will be faithful to Jacob and show covenant love to Abraham, as you swore to our ancestors long ago. Ou va bay verite a Jacob ak mizerikòd a Abraham, tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo depi nan jou ansyen yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]