Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 5 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Alò, rasanble nou an twoup lame,O fi a lame yo.Li fin fè syèj kont nou.Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.

2Men ou menm, Bethléhem Éphrata,pi piti pami fanmi a Juda yo,nan ou va soti de MwenYoun pou vin chèf an Israël.Lè pou L vin parèt la te etabli depinan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.

3Akoz sa, Li va abandone yo jiskaskesila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.Nan lè sa a, retay nan frè li yova retounen vin jwenn fis Israël yo.

4Konsa Li va leve pou mennenbann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.Epi yo va viv, paske nan tan sa a,Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.

5Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,e lè li va mache nan palè nou yo.Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.

6Yo va regle peyi Assyrie ak nepe,ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen anlè l fè envazyon peyi nou an,ak lè li mache anndan fwontyè nou an.

7Epi konsa, retay Jacob la vanan mitan anpil nasyon pèp yo,tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,tankou lapli k ap farinen sou zèb,ki p ap tann lòm,ni fè reta pou fis a lòm yo.

8Retay Jacob la va pami nasyon yo,pami anpil pèp;Tankou yon lyon pami bèt forè,tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;li menm, si l pase, mache, dechire an mòsoe p ap gen pèsòn ki pou delivre.

9Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yoe lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.

10“Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan noue Mwen va detwi cha lagè nou yo.

11“Anplis, Mwen va koupe retire vilnan peyi nou yo, e mwen va jete toutmiray fòterès nou yo.

12Mwen va koupe retire zafè tout wangasoti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.

13Mwen va retire imaj taye nou yo akpilye sakre ki pami nou yo,pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.

14Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo,e mwen va detwi vil nou yo.

15Epi Mwen va egzekite vanjans kòlèak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]