Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Elihu continued and said: Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
2 "Do you think this is just? You say, 'My righteousness is more than God's.' “Èske ou sipoze ke ou ge dwa sa a? Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
3 For you ask, 'What good does it do you? What do I gain by not sinning?' Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou? Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
4 I will answer you, and your friends along with you. Mwen va reponn ou, menm ak zanmi ou yo tou.
5 Look up at the heavens and see; gaze at the clouds, which are higher than you. Gade nan syèl yo pou wè; epi gade byen nan nwaj yo. Yo pi wo pase ou.
6 If you sin, what do you accomplish against him? And if your rebellions are many, what do you do to him? Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li? Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
7 If you are righteous, what do you give him? Or what does he receive from your hand? Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
8 Your wickedness affects only a man like yourself, and your righteousness only a fellow human. Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm, e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
9 People cry out under the weight of many oppressions; they call for help against the arm of the mighty. “Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò. Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
10 But no one says, 'Where is God my Maker, who gives songs in the night, Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an, ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
11 who teaches us more than the beasts of the earth and makes us wiser than the birds of the sky?' ki enstwi nou plis pase bèt latè yo, pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
12 There they cry out, but he gives no answer, because of the pride of evil men. La, yo kriye fò, men nanpwen repons akoz ògèy moun mechan yo.
13 Surely God does not listen to an empty cry; the Almighty pays it no attention. Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid, ni Toupwisan an p ap okipe l.
14 How much less, then, will he answer when you say you do not see him—though your case is before him and you must wait for him. Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li. Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
15 And now, because his anger has not yet punished, and he has taken little notice of foolishness. Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li, ni Li pa t apresye awogans,
16 Job opens his mouth with empty talk; he multiplies words without knowledge." pou sa, Job ouvri bouch li an ven; li ogmante pawòl li yo san konesans.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]