Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Elihu continued and said: Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2 "Hear my words, you wise men; give ear to me, you who know. “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou. Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
3 For the ear tests words as the mouth tastes food. Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.
4 Let us choose what is right; let us know among ourselves what is good. Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat; kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
5 For Job has said, 'I am righteous, and God has taken away my justice; Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men Bondye te rache dwa mwen an;
6 though I am in the right, I am counted a liar; my wound is incurable, though I am without rebellion.' èske mwen ta dwe manti selon dwa m? Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
7 What man is like Job, who drinks up scoffing like water, Se kilès ki tankou Job, k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,
8 who keeps company with evildoers and walks with wicked men? ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo, e mache avèk moun malveyan yo?
9 For he has said, 'A man gains nothing by delighting in God.' Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun lè l pran plezi li nan Bondye.’
10 Therefore hear me, you men of understanding: far be it from God to do wickedness, and from the Almighty to do wrong. “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann. Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste, e pou Toupwisan an fè mal.
11 For according to the work of a man he repays him, and according to his ways he brings it upon him. Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo, e fè li jwenn selon chemen li.
12 Surely God will not do wickedly, and the Almighty will not pervert justice. Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste, ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
13 Who gave him charge over the earth, and who laid on him the whole world? Se kilès ki te bay Li otorite sou latè? Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
14 If he should set his heart on man and withdraw his spirit and his breath, Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
15 all flesh would perish together, and man would return to dust. Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.
16 If you have understanding, hear this; listen to the sound of my words. “Men si gen moun bon konprann, koute sa a; koute vwa pawòl mwen yo.
17 Will one who hates justice govern? Will you condemn him who is righteous and mighty, Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye? Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
18 who says to a king, 'Worthless one,' and to nobles, 'Wicked men,' ka p di a yon wa: ‘Sanzave’, a prens yo: ‘Nou mechan’;
19 who shows no partiality to princes, nor regards the rich above the poor, for they are all the work of his hands? Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
20 In a moment they die; at midnight the people are shaken and pass away, and the mighty are taken away by no human hand. Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.
21 For his eyes are on the ways of a man, and he sees all his steps. “Paske zye Li sou chemen a yon nonm. Li wè tout pa li fè.
22 There is no darkness or deep shadow where evildoers may hide themselves. Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
23 For God has no need to consider a man further, that he should go before God in judgment. Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
24 He shatters the mighty without inquiry and sets others in their place. Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann, e mete lòt moun nan plas yo.
25 Thus, knowing their works, he overturns them in the night, and they are crushed. Se konsa, Li konnen zèv yo. Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
26 He strikes them for their wickedness in the sight of onlookers, Li frape yo tankou mechan nan yon kote pou tout moun wè,
27 because they turned aside from following him and had no regard for any of his ways, Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
28 so that they drove the poor to cry out to him, and he heard the cry of the afflicted. akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.
29 When he is quiet, who can condemn? When he hides his face, who can see him—whether it is a nation or a man, Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
30 so that no godless man may reign or ensnare the people. pou anpeche moun ki san Bondye yo vin reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
31 For has anyone said to God, 'I have borne my punishment; I will offend no more; “Paske èske nenpòt kon di Bondye, ‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
32 teach me what I do not see; if I have done wrong, I will do it no more'? enstwi mwen sa ke m pa wè. Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
33 Will he repay you on your own terms because you reject his correction? For you must choose, not I; therefore declare what you know. Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
34 Men of understanding will say to me, and every wise man who hears me will say, Moun ak bon konprann va di mwen, oswa yon nonm saj ki tande m va di:
35 'Job speaks without knowledge; his words are without insight.' ‘Job pale san konesans; pawòl li yo san sajès.
36 If only Job were tested to the limit for answering like wicked men! Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job, jis rive nan tout limit li, akoz li reponn tankou moun mechan yo.
37 For he adds rebellion to his sin; he mocks us openly and multiplies his words against God." Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo. Li bat men li pami nou, e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]