Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "But now, Job, hear my words; listen to everything I say. “Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an e koute tout pawòl mwen yo.
2 Look, I have opened my mouth; my tongue forms words on my palate. Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen. Se lang nan bouch mwen ki pale.
3 My words come from an upright heart, and my lips speak sincerely what they know. Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.
4 The Spirit of God has made me, and the breath of the Almighty gives me life. Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
5 Answer me, if you can; set your case in order before me, and take your stand. Di m se pa sa, si ou kapab. Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
6 Look, I am just like you before God; I too was pinched off from clay. Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou. Mwen menm tou te fèt ak ajil la.
7 No dread of me should terrify you, and no pressure from me should weigh you down. Gade byen, se pa okenn krent mwen gen, ki ta bay ou laperèz, ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an, ke ou ta twouve chaj la lou.
8 "Surely you have said in my hearing—I heard the very sound of your words. “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande, e mwen te tande son a pawòl ou yo.
9 'I am pure, without rebellion; I am clean, and there is no guilt in me. Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
10 Yet he finds fault with me; he counts me as his enemy. Gade byen, Li envante pretèks kont mwen; Li kontwole m tankou lènmi.
11 He puts my feet in the stocks; he watches all my paths.' Li mete pye mwen nan sèp; Li veye tout chemen mwen yo.’
12 "But in this you are not right, I answer you, for God is greater than any mortal. “Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa, paske Bondye pi gran ke lòm.
13 Why do you contend against him, that he answers none of a person's words? Poukisa ou plenyen kont Li ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
14 For God speaks in one way, and then another, though no one perceives it. Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa, men pèsòn pa okipe sa.
15 In a dream, in a vision of the night, when deep sleep falls on people as they slumber on their beds, Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la, lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16 then he opens their ears and impresses his warnings upon them, konsa, Li ouvri zòrèy a lòm e mete so sou enstriksyon yo,
17 to turn a person from wrongdoing and to keep a man from pride, pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li e anpeche li fè ògèy.
18 he holds back their soul from the pit, their life from perishing by the sword. Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
19 "A person is also rebuked with pain on his bed, with constant aching in his bones, “Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li; avèk plent san rete jis rive nan zo li;
20 so that his life loathes bread, and his soul the choicest food. jiskaske lavi li vin rayi pen, e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
21 His flesh wastes away, and his bones, once hidden, stick out. Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
22 His soul draws near the pit, and his life to those who bring death. Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
23 "If there is a messenger for him, a mediator—one out of 1,000—to declare to a person what is right for him, “Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li, se tankou youn nan yon milye, ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
24 and is gracious to him and says, 'Spare him from going down to the pit; I have found a ransom,' konsa, Bondye fè l gras. Li di l: ‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a, Mwen te twouve yon racha.’
25 then his flesh grows fresher than a child's; he returns to the days of his youth. Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li. Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
26 He prays to God, and the worshiper is accepted by him; the worshiper sees God's face with shouts of joy, and God restores his righteousness to that person. Konsa, li va priye a Bondye, e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa. Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
27 He sings out before others and says, 'I sinned and twisted what was right, yet it was not repaid to me. Li va chante devan lèzòm. Li va di: “Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat, e li pa t bon pou mwen.
28 He redeemed my soul from going down to the pit, and I will see the light.' Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a, e lavi m va wè limyè a.’
29 "Look, God does all these things again and again with a person, “Gade byen, Bondye konn fè tout bagay sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
30 to bring back his soul from the pit, that he may be lit with the light of the living. pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a, pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
31 "Pay attention, Job; listen to me. Be silent, and I will speak. Prete atansyon, O Job, koute m byen; rete an silans e kite mwen pale.
32 If you have anything to say, answer me; speak, for I would gladly see you justified. Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen; pale, paske mwen vle ba ou rezon.
33 If not, then listen to me; be silent, and I will teach you wisdom." Men si non, koute mwen; rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]