Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So these three men stopped answering Job, because he was righteous in his own eyes. Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.
2 Then the anger of Elihu son of Barachel the Buzite, of the family of Ram, burned hot. His anger burned against Job because he justified himself rather than God. Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye.
3 His anger also burned against Job's three friends, because they had found no answer and yet had condemned Job. Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job.
4 Now Elihu had waited to speak to Job because the others were older than he. Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li.
5 But when Elihu saw that these three men had nothing to say, his anger burned. Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.
6 So Elihu son of Barachel the Buzite spoke up and said: "I am young in years, and you are old; that is why I held back, afraid to tell you what I know. Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di: “Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun. Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.
7 I thought, 'Let age speak, and many years teach wisdom.' Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale, ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.
8 But it is the spirit in a person, the breath of the Almighty, that gives understanding. Men se yon lespri ki nan lòm, e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.
9 It is not the old who are wise, nor the elderly who understand what is right. Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.
10 So I say, listen to me; I too will tell what I know. Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen; mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’
11 Look, I waited for your words; I listened for your reasoning while you searched for what to say. “Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo. Mwen te koute byen rezonman pa nou yo, pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.
12 I gave you my full attention; but not one of you proved Job wrong or answered his arguments. Menm mwen te swiv nou byen pre; anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job. Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.
13 So do not say, 'We have found wisdom; let God refute him, not man.' Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès. Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’
14 Job has not marshaled his words against me, and I will not answer him with your arguments. Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm, ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.
15 They are dismayed and have no more to say; words have failed them. “Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò. Yo pa gen mo ki pou di.
16 Must I wait, now that they are silent, now that they stand there with no reply? Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? Akoz yo rete e pa reponn ankò?
17 I too will have my say; I too will tell what I know. Mwen menm tou va reponn pou kont mwen, mwen osi va bay pozisyon pa m.
18 For I am full of words; the spirit within me compels me. Paske mwen chaje ak pawòl. Lespri m anndan mwen bourade m.
19 Inside, I am like wine that has no vent, like new wineskins ready to burst. Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.
20 I must speak and find relief; I must open my lips and answer. Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.
21 I will show no partiality to anyone, and I will flatter no one; Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn.
22 for I do not know how to flatter—if I did, my Maker would soon take me away." Paske mwen pa konn flate moun, sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]