Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "I made a covenant with my eyes; how then could I gaze at a virgin? “Mwen te fè yon akò ak zye m; alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
2 For what portion would I have from God above, what inheritance from the Almighty on high? Paske se kisa ki pòsyon Bondye soti anwo a, ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
3 Is it not calamity for the unjust, and disaster for those who do evil? Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?
4 Does he not see my ways, and count my every step? Èske Li pa wè chemen mwen yo e kontwole tout pa mwen yo?
5 "If I have lived by falsehood, and my foot has rushed into deceit, “Si mwen te mache nan sa ki fo, e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
6 let him weigh me on honest scales, and let God know my integrity, (kite Li peze mwen nan yon balans ki jis e kite Bondye konnen entegrite m).
7 if my steps have turned from the way, and my heart has followed my eyes, and any stain has clung to my hands, Si pa m yo te vire kite chemen an, oswa kè m te swiv zye m, oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
8 then let me sow and another eat, and let what springs up for me be uprooted. kite mwen simen pou yon lòt ta manje, e kite tout sa m plante vin rache.
9 "If my heart has been enticed by a woman, and I have lurked at my neighbor's door, “Si kè m te sedwi pa yon fanm, oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
10 then let my wife serve another man, and let others sleep with her. kite madanm mwen graje pou yon lòt e kite lòt yo vin kouche sou li.
11 For that would be a shameful crime, a sin deserving judgment; Paske sa ta yon krim sansyèl; anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
12 for it is a fire that consumes down to Destruction, and would burn away all my harvest. Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
13 "If I have denied justice to my male or female servant when they brought a complaint against me, Si mwen te refize demand esklav mwen an, gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
14 what then will I do when God rises up? When he calls me to account, what will I answer him? alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? Konsa, lè L rele m pou jijman, ki repons mwen ta kab bay Li?
15 Did not the one who made me in the womb make my servant also? Did not the same one form us both in the womb? Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
16 "If I have kept the poor from what they needed, or let the widow's eyes grow weary, Si mwen te anpeche malere yo nan dezi yo, oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
17 or eaten my food alone while the orphan went without, oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen san òfelen an pa jwen ladann,
18 though from my youth I raised him as a father would, and from my mother's womb I guided the widow, (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
19 if I have seen anyone perishing for lack of clothing, or a needy person with no covering, si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad, oswa ke sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
20 if his whole being has not blessed me for warming him with the fleece of my sheep, si kè li pa t beni m, si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
21 if I have raised my hand against the orphan because I saw my backing in the court, si mwen te leve men m kont òfelen an, akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
22 then let my shoulder be wrenched from its blade, and my arm be broken at the socket. alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li, e bra m kase soti nan zo li.
23 For calamity from God was a terror to me, and before his majesty I could do nothing. Paske m pè anpil malè Bondye a. Li tèlman gran ak majeste, m pa ka fè anyen devan L.
24 "If I have made gold my confidence, or said to fine gold, 'You are my security,' Si se nan lò mwen te mete espwa m, pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 if I have gloated that my wealth was great, that my hand had gained so much, Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 if I have looked at the sun when it shone, or the moon moving in splendor, si mwen te gade solèy la lè l t ap brile, oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 so that my heart was secretly enticed, and my hand blew them a kiss in worship, epi kè m te vin sedwi an sekrè, e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 this too would be a sin deserving judgment, for I would have been false to God above. sa osi ta yon inikite ki merite jijman, paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
29 "If I have rejoiced at the ruin of the one who hated me, or thrilled when harm overtook him. Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt? Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30 I never let my mouth sin by calling down a curse on his life, Non, mwen pa t kite bouch mwen peche, ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31 if the men of my household have never said, 'Who has not been filled from his table?', Èske mesye nan tant mwen yo pa t di: ‘Ou pa p twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
32 no stranger ever spent the night in the street, for I opened my doors to the traveler. Etranje a pa t rete deyò; mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33 If I have covered my sins as others do, hiding my guilt within my heart, Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34 because I so feared the crowd, and the contempt of clans terrified me, that I kept silent and would not go outside. akoz mwen te krent gwo foul la? Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo, te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35 "Oh, that someone would hear me! Here is my signature—let the Almighty answer me! Let my accuser write out his indictment! O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen! Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen! Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.
36 Surely I would carry it on my shoulder, I would bind it on me like a crown. Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen; mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37 I would give him an account of my every step; like a prince I would approach him. Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran. Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.
38 "If my land has cried out against me, and its furrows have wept together, Si menm teren mwen an rele kont mwen, e tout tranch li yo kriye ansanm;
39 if I have eaten its yield without payment, or crushed the life out of its owners, si mwen te manje fwi li san lajan, oswa te kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
40 then let thistles grow instead of wheat, and stinkweed instead of barley." The words of Job are ended. kite pikan yo grandi olye ble e zèb santi fò ranplase lòj la.” Pawòl yo a Job se fini.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]