Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "But now those younger than I laugh at me—men whose fathers I would have refused to put with the dogs of my flock. Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m. Papa a sila mwen pat ta dakò pou mete ansanm ak chen bann mouton yo.
2 What good was the strength of their hands to me? Their vigor was spent. Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m? Gwo fòs te deja disparèt nan yo
3 Gaunt with poverty and hunger, they gnawed the parched ground in the gloom of waste and desolation. akoz mank bagay ak grangou. Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
4 They plucked saltwort among the bushes, and the roots of the broom tree were their food. Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la. Manje yo se rasin bayawonn.
5 They were driven out from human company; people shouted after them as after a thief. Yo chase yo deyò lavil la nan dezè; yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
6 They had to live in the gullies of dry riverbeds, in holes in the ground and the rocks. jiskaske yo vin rete nan move ravin yo, nan twou tè ak nan wòch yo.
7 Among the bushes they brayed; under the nettles they huddled together. Pami rak tibwa yo, yo rele fò. Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
8 A senseless, nameless brood, they were driven out of the land. Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
9 "And now I have become their taunting song; I am a laughingstock to them. Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib; mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
10 They detest me and keep their distance; they do not hold back from spitting in my face. Yo pè m, yo kanpe lwen m, e yo pa sispann krache nan figi m.
11 Because God has loosed my bowstring and humbled me, they have thrown off all restraint before me. Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
12 On my right hand the rabble rise up; they shove my feet aside and build their siege ramps of ruin against me. Sou men dwat lan, nich sa vin leve. Yo rale pye mwen akote. Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13 They tear up my path; they profit from my calamity, and no one holds them back. Yo gate wout mwen. Yo bourade lachit mwen san mande sekou.
14 They advance as through a wide breach; amid the crash they come surging in. Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; nan mitan tanpèt, yo woule m.
15 Terrors are turned loose against me; my honor is driven away as by the wind, and my prosperity has passed like a cloud. Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
16 "And now my life is poured out within me; days of affliction have seized me. Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt. Jou afliksyon yo sezi m.
17 At night my bones are pierced through, and the gnawing pains never rest. Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m, e sa yo kap manje m pa pran repo.
18 With great force my garment is twisted; it binds me tight like the collar of my tunic. Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen. Li mare m nèt tankou kolye manto m.
19 Our Father has thrown me into the mire, and I have become like dust and ashes. Li te jete mwen nan labou, e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20 "I cry to you for help, but you do not answer me; I stand up, and you only stare at me. Mwen kriye a Ou menm pou sekou, men Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
21 You have turned cruel to me; with the strength of your hand you attack me. Ou vin okipe m ak mechanste. Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.
22 You lift me up to the wind and make me ride it; you toss me about in the roar of the storm. Ou leve m wo sou van, e fè m monte; epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
23 For I know you will bring me down to death, to the house appointed for all the living. Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
24 "Yet does no one stretch out a hand from the ruins, or cry for help in his disaster? Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l? Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?
25 Did I not weep for the one whose day was hard? Did my soul not grieve for the needy? Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub? Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
26 But when I hoped for good, evil came; when I waited for light, darkness fell. Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27 My insides churn and will not be still; days of affliction confront me. Kè m twouble nèt anndan m. Mwen pa kab poze. Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28 I go about blackened, but not by the sun; I stand up in the assembly and cry for help. Mwen fè dèy toupatou san solèy. Mwen kanpe nan asanble; mwen rele sekou.
29 I have become a brother to jackals and a companion to ostriches. Mwen te vin frè ak chen mawon, zanmi ak otrich la.
30 My skin turns black and peels away from me, and my bones burn with fever. Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.
31 My lyre is tuned to mourning, and my flute to the sound of weeping." Pou sa, se doulè ap mwen jwe, e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]