Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 And Job spoke again and said: Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:
2 "Oh, that I were as in months gone by, as in the days when God watched over me, “O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo! Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;
3 when his lamp shone over my head, and by his light I walked through darkness; Lè lanp Li yo te briye sou tèt mwen, e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
4 as I was in the days of my prime, when the intimate friendship of God rested over my tent, Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo, lè amitye Bondye te sou tant mwen an;
5 when the Almighty was still with me, when my children were all around me; lè Toupwisan an te toujou avè m, e pitit mwen yo te antoure mwen;
6 when my steps were bathed in curds, and the rock poured out for me streams of oil. lè pa mwen yo te benyen nan bè e wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
7 When I went out to the gate of the city and took my seat in the public square, Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.
8 the young men saw me and stepped aside, and the aged rose and stood; Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo, e granmoun yo te konn leve kanpe.
9 the princes held back their words and laid a hand over their mouths; Prens yo te sispann pale e te mete men yo sou bouch yo.
10 the voice of the nobles was hushed, and their tongues clung to the roof of their mouths. Vwa a moun pwisan yo te rete, e lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11 When the ear heard, it called me blessed, and when the eye saw, it bore witness for me, Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni, e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
12 because I rescued the poor who cried out, and the orphan who had no one to help. akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou, avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
13 The blessing of the one about to perish came upon me, and I made the widow's heart sing for joy. Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.
14 I clothed myself in righteousness, and it clothed me; my justice was like a robe and a turban. Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m; jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
15 I was eyes to the blind and feet to the lame. Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo, e pye pou sila bwate yo.
16 I was a father to the needy, and I searched out the case of one I did not know. Mwen te yon papa pou malere a, e ka ke m pa konnen an, mwen te chache twouve bout li.
17 I broke the fangs of the wicked and snatched the prey from his teeth. Mwen te kase machwè a mechan an e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18 So I thought, 'I will die in my own nest, and multiply my days like the sand.' Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen, e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
19 My roots reached out to the waters, and the dew lay all night on my branches. Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
20 My glory stayed fresh within me, and my bow was ever new in my hand. Fòs mwen toujou nèf, e banza m renouvle nan men m.’
21 Men listened to me and waited; they kept silent for my counsel. “Moun yo te koute e te tann. Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
22 After I spoke, they said no more; my words fell gently on them. Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò, e pawòl mwen yo te etonnen yo.
23 They waited for me as for the rain, and opened their mouths as for the spring showers. Yo te tann mwen tankou lapli. Yo te ouvri bouch yo pou bwe, konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24 When I smiled on them, they could scarcely believe it, and they held on to the light of my face. Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè, e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25 I chose their way and sat as their chief; I lived like a king among his troops, like one who comforts mourners." Mwen te chwazi yon chemen pou yo, te chita tankou chèf, e te demere tankou wa pami sòlda yo, tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]