Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Surely there is a mine for silver, and a place where gold is refined. Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.
2 Iron is taken from the dust, and copper is smelted from the rock. Fè retire nan pousyè a e kwiv la fonn soti nan wòch la.
3 Man sets a boundary to the darkness; he searches to the farthest limit for ore in gloom and deep shadow. Lòm fè tenèb la pati, e rive jis nan dènye limit lan. Li chache twouve wòch kap kache a, ak nan pwofon fènwa.
4 He sinks a shaft far from where people live, in places where no foot has ever walked; there they dangle and sway, far away from anyone. Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete, kote ki bliye nèt pa pye moun. Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
5 The earth—from it comes food, yet beneath it is turned over as by fire. Pou tè a, depi nan li, manje sòti, men anba, li boulvèse tankou dife.
6 Its stones hold sapphires, and its dust holds gold. Wòch li se sous a pyè safi yo. Epi nan pousyè li, genyen lò.
7 It is a path no bird of prey knows, one the falcon's eye has never seen. Chemen li pa rekonèt pa koukou, ni zye grigri pa janm wè l.
8 The proud beasts have not trodden it, nor has the lion prowled across it. Bèt pi fewòs yo pa mache la, ni lyon pa pase sou li.
9 Man lays his hand to the flinty rock and overturns mountains at their roots. Li mete men li sou wòch silèks la. Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
10 He cuts channels through the rocks, and his eye sees every precious thing. Li kreve kanal ki pase nan wòch yo, e zye li wè tout sa ki presye.
11 He holds back the trickling streams, and brings hidden things to light. Li bouche flèv yo pou dlo pa koule e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
12 "But wisdom—where can it be found? And where is the place of understanding? “Men se kibò yo twouve sajès? Epi kibò yo jwenn sajès la?
13 Man does not know its worth, and it is not found in the land of the living. Lòm pa konnen valè li, ni valè li pa kab twouve nan peyi moun vivan yo.
14 The deep says, 'It is not in me,' and the sea says, 'It is not with me.' Labim nan di: “Li pa nan mwen”. Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15 It cannot be bought with the finest gold, nor can its price be weighed out in silver. Lò pi pa egal ak valè l, ni ajan pa kab peze kon pri li.
16 It cannot be valued in the gold of Ophir, in precious onyx or sapphire. Valè li pa kab konpare ak lò Ophir, oswa oniks presye, oswa safì.
17 Gold and crystal cannot equal it, nor can it be exchanged for vessels of pure gold. Ni lò ni vit pa egal avè l, ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
18 Coral and crystal are not worth mentioning; the price of wisdom is beyond rubies. Koray ak kristal, bliye sa nèt. Posede sajès se pi wo ke pèl.
19 The topaz of Cush cannot equal it, nor can it be valued in pure gold. Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l; ni li pa kab valorize an lò pi.
20 "From where, then, does wisdom come? And where is the place of understanding? E byen, se kibò sajès la sòti? Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
21 It is hidden from the eyes of all the living, concealed even from the birds of the sky. Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo e kache menm a zwazo syèl yo.
22 Destruction and Death say, 'With our ears we have heard a rumor of it.' Labim nan ak lanmò a pale: ‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
23 "God understands the way to it, and he knows its place. Bondye konprann chemen li e Li konnen plas li.
24 For he looks to the ends of the earth and sees everything under the heavens. “Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè e wè tout bagay anba syèl yo.
25 When he gave the wind its weight and measured out the waters, Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,
26 when he made a decree for the rain and a path for the thunderbolt, Lè L te etabli yon limit pou lapli e yon chemen pou kout eklè,
27 then he saw wisdom and declared it; he established it and searched it out. Li te wè l e Li te deklare li. Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
28 And he said to humankind, 'The fear of God—that is wisdom, and to turn from evil is understanding.'" Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]