Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 And Elihu continued and said: Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2 "Bear with me a little, and I will show you, for there are still words to speak on God's behalf. Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou; jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
3 I will bring my knowledge from afar, and ascribe righteousness to my Maker. M ap prale chache lespri m soti byen lwen; mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.
4 For truly my words are not false; one perfect in knowledge is with you. Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo. Yon ki pafè nan konesans se avèk ou.
5 Look, God is mighty, yet he does not despise; he is mighty in strength of understanding. Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
6 He does not keep the wicked alive, but gives justice to the afflicted. Li pa konsève lavi a mechan yo, men Li bay jistis a aflije yo.
7 He never takes his eyes off the righteous; he seats them with kings on their thrones forever, and they are exalted. Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
8 And if they are bound in chains, caught fast in cords of affliction, Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,
9 then he declares to them their deeds and their rebellions, that they have behaved arrogantly. konsa, Li fè yo konnen travay yo, ak transgresyon yo; ke yo te leve tèt yo wo ak orgèy.
10 He opens their ear to instruction, and commands that they turn back from sin. Li ouvri zòrèy yo pou yo ka instwi, e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
11 If they listen and serve him, they finish their days in prosperity, and their years pass pleasantly. Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
12 But if they do not listen, they perish by the sword, and die without knowledge. Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe; yo va mouri san konesans.
13 The godless at heart harbor anger; they do not cry for help when he binds them. Men enkwayan yo ranmase lakòlè; yo refize kriye sekou lè L mare yo.
14 Their soul dies in youth, and their life ends among the cult prostitutes. Yo mouri nan jenès yo, e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.
15 He delivers the afflicted by their affliction, and opens their ear through adversity. Li delivre aflije yo nan afliksyon yo, e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
16 He would also have drawn you out of the jaws of distress to a wide, open place with no constraint, and your table would be spread with richness. Wi, anverite Li t ap mennen ou lwen bouch gwo twoub la, pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit. Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
17 But you are consumed with the judgment due the wicked; judgment and justice have taken hold of you. Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo; se jijman ak jistis ki te posede ou.
18 Beware that wrath does not entice you into scoffing, and do not let a large ransom lead you astray. Pa kite riches ou mennen ou nan lakòlè, ni pa kite gwosè sa a kap vèse sou tab fè ou vire akote.
19 Can your cry for help keep you from distress, or all the forces of your strength? Èske richès ou yo ta fè ou envite gwo twoub la? Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
20 Do not long for the night, when peoples are cut off from their place. Pa fè lanvi pou lannwit, moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
21 Take care; do not turn to sin, for you have chosen this rather than affliction. Fè atansyon; pa vire kote mal la, paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
22 Look, God is exalted in his power; who is a teacher like him? Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li. Ki pwofesè ki tankou Li?
23 "Who has prescribed for him his way, or who can say, 'You have done wrong'? Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an? Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’
24 Remember to extol his work, which people have celebrated in song. Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo, sa yo sou sila moun te konn chante yo.
25 All mankind has looked on it; humanity sees it from afar. Tout moun konn wè sa. Lòm gade l soti lwen.
26 Look, God is great, and we do not know him; the number of his years is beyond searching. Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li. Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
27 For he draws up the drops of water; they distill as rain from his mist, Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo. Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
28 which the clouds pour down and drop abundantly on mankind. ke nwaj yo fè vide desann. Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
29 Can anyone understand the spreading of the clouds, the thunder of his pavilion? Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye, ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
30 Look, he scatters his lightning around him, and covers the depths of the sea. Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li. Li kouvri fon lanmè yo.
31 For by these he governs the peoples; he gives food in abundance. Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo. Li bay yo manje an gran kantite.
32 He fills his hands with the lightning, and commands it to strike the mark. Li kouvri men Li ak eklè la, e pase lòd pou l frape sou mak la.
33 Its crashing tells of him; even the cattle sense the storm coming." Bri li deklare prezans Li; menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]