Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 37 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "At this also my heart trembles and leaps from its place. “Pou sa, menm kè mwen konn tranble. Li vòltije kite plas li.
2 Listen closely to the thunder of his voice, to the rumbling that goes out from his mouth. Koute, O koute byen bri vwa L, k ap gwonde tankou tonnè ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.
3 Under the whole heaven he lets it loose, and his lightning to the corners of the earth. Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
4 After it a voice roars; he thunders with his majestic voice, and he does not hold back the lightning when his voice is heard. Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
5 God thunders wondrously with his voice; he does great things that we cannot comprehend. Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
6 For to the snow he says, 'Fall on the earth,' and to the rain shower, 'Be a mighty downpour.' Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’, e a inondasyon lapli a, Li di: ‘Kontinye tonbe fò’.
7 He seals up the hand of every person, so that everyone he has made may know his work. Li sele men a chak òm, pou tout moun kab konnen zèv Li yo.
8 Then the animals go into their lairs and stay in their dens. Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo e rete lakay yo.
9 From its chamber comes the whirlwind, and from the scattering winds the cold. Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.
10 By the breath of God ice forms, and the broad waters freeze solid. Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt, e sifas dlo yo vin glasi.
11 He loads the thick cloud with moisture; the clouds scatter his lightning. Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
12 They turn round and round by his guidance, to do whatever he commands them across the face of the inhabited world. Li chanje; Li gide l vire tounen pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
13 Whether for correction, or for his land, or for covenant love, he makes it happen. Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
14 "Listen to this, Job; stand still and consider the wonders of God. “Tande sa byen, O Job; Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.
15 Do you know how God lays his command on them, and makes the lightning of his cloud flash? Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo, e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?
16 Do you know how the clouds hang balanced, the wonders of the one perfect in knowledge? Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo, mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?
17 You whose clothes are hot when the land lies still under the south wind, Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?
18 can you, with him, spread out the skies, hard as a mirror of cast metal? Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?
19 "Teach us what we should say to him; we cannot make our case because of the darkness. Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li; paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou.
20 Should he be told that I want to speak? Would anyone ask to be swallowed up? Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale? Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?
21 And now no one can look at the light when it is bright in the skies, after the wind has passed and cleared them. “Alò lezòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.
22 Out of the north comes golden splendor; awesome majesty surrounds God. Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan.
23 The Almighty—we cannot reach him; he is great in power, yet in justice and abundant righteousness he does no wrong. Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
24 Therefore people fear him; he pays no attention to those who are wise in their own eyes." Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]