Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 38 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father answered Job out of the whirlwind: Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:
2 "Who is this that darkens counsel with words without knowledge? Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an ak pawòl san konesans yo?
3 Brace yourself like a man; I will question you, and you will answer me. Alò, mare senti ou tankou gason, M ap mande ou e ou va enstwi M!
4 Where were you when I laid the foundations of the earth? Tell me, if you have understanding. “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,
5 Who set its measurements—surely you know! Or who stretched the measuring line across it? Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen? Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
6 On what were its footings sunk, or who laid its cornerstone, Sou kilès baz li yo te fonse? Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
7 when the morning stars sang together and all the heavenly beings shouted for joy? lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
8 Or who shut in the sea with doors when it burst forth from the womb, “Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo, lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
9 when I made the clouds its garment and thick darkness its swaddling cloth, lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
10 when I fixed my limit for it and set its bars and doors, epi Mwen te plase lizyè sou li, e te kadnase pòt li yo,
11 and said, 'This far you may come, but no farther; here your proud waves must halt'? lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis; men la vag ògèy ou va rete’?
12 Have you ever commanded the morning, or assigned the dawn its place, “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive, e fè solèy granmaten an konnen plas li,
13 that it might seize the edges of the earth and shake the wicked out of it? pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè e souke l nèt pou yo sòti ladann?
14 The earth takes shape like clay under a seal, and its features stand out like the folds of a garment. Li vin chanje tankou ajil anba yon so; epi prezante la tankou yon abiman.
15 From the wicked their light is withheld, and their upraised arm is broken. Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa souleve a vin kase.
16 Have you journeyed to the springs of the sea, or walked in the recesses of the deep? “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?
17 Have the gates of death been revealed to you, or have you seen the gates of deep darkness? Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm? Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?
18 Have you grasped the vast expanse of the earth? Tell me, if you know all this. Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a? Di M si ou konnen tout sa a.
19 Where is the way to the home of light, and where is the dwelling of darkness, “Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a? Epi tenèb la, kote landwa li,
20 that you could lead it to its territory and know the paths to its house? pou ou ta mennen li nan limit li, pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
21 Surely you know, for you were already born, and the number of your days is great! Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa, e kantite jou ou yo vast!
22 Have you entered the storehouses of the snow, or seen the storehouses of the hail, Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo, oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
23 which I have reserved for times of trouble, for the day of battle and war? ke M te rezève pou tan twoub la, pou jou lagè ak batay la?
24 What is the way to the place where the light is parted, or the east wind scattered over the earth? Kote chemen a ki pou fè loray divize a oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
25 Who cut a channel for the flooding rain and a path for the thunderstorm, “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an, oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
26 to bring rain on a land where no one lives, on a desert with no human in it, Pou mennen lapli nan yon teren kote nanpwen moun, nan yon dezè san pèsòn ladann,
27 to satisfy the parched and desolate ground and make the thirsty land sprout with grass? Pou satisfè yon peyi savann dezole e fè grenn zèb yo vin jèmen.
28 Does the rain have a father? Who fathered the drops of dew? Èske lapli gen papa? Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
29 From whose womb did the ice come, and who gave birth to the frost of heaven, Nan ki vant manman a sila glas la te sòti? Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
30 when the waters harden like stone and the surface of the deep freezes solid? Dlo vin di tankou wòch e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
31 Can you bind the chains of the Pleiades, or loosen the cords of Orion? “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo, oswa lage kòd zetwal Orion yo?
32 Can you bring out the constellations in their season, or lead the Bear with her cubs? Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo, oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
33 Do you know the laws of the heavens? Can you set their rule over the earth? Èske ou konnen tout règleman syèl la, oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
34 Can you raise your voice to the clouds and make a flood of water cover you? Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo, pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?
35 Can you send out the lightning bolts so they go, reporting to you, 'Here we are'? Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
36 Who put wisdom in the heart, or gave understanding to the mind? Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm, oswa te bay bon konprann nan panse a?
37 Who has the wisdom to number the clouds? Who can tip over the water jars of heaven, Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès, oswa vide gwo krich dlo syèl yo,
38 when the dust hardens into a mass and the clods cling together? Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo e bòl tè yo vin kole ansanm?
39 Can you hunt the prey for the lioness, or satisfy the hunger of the young lions, “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje, oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
40 when they crouch in their dens or lie waiting in the thicket? Lè yo kouche nan kav pa yo e kouche tann pèlen bò lakay yo?
41 Who provides food for the raven when its young cry out to me and wander about for lack of food?" Se kilès ki prepare manje pou kòbo a lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]