Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 39 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Do you know when the mountain goats give birth? Do you watch over the does when they give birth? “Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit? Èske ou konn wè lè sèf yo metba?
2 Can you count the months they carry their young? Do you know the time they give birth? Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo, oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?
3 They crouch down and give birth; their birth pangs are over. Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt, yo fòse fè doulè yo fini nèt.
4 Their young grow strong in the open field; they leave and do not return. Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib; yo ale e yo pa retounen kote yo.
5 "Who set the wild donkey free? Who untied the ropes of the swift donkey, “Se kilès ki te fè bourik mawon yo vin lib? Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,
6 to whom I gave the wilderness for a home and the salt flats for a dwelling place? ke Mwen te bay savann nan kon abitasyon li, ak tè sale a kon kote pou l rete a?
7 He scorns the noise of the city and never hears a driver's shout. Li pa bay valè a zen lavil la; kri a chofè yo, li pa okipe yo.
8 He ranges the mountains for his pasture, searching for every green thing. Li chache nan tout mòn yo pou manje l e chache jwenn tout sa ki vèt.
9 "Is the wild ox willing to serve you? Will he spend the night beside your feeding trough? “Èske bèf mawon va dakò pou sèvi ou, oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?
10 Can you bind the wild ox to the furrow with ropes? Will he plow the valleys behind you? Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?
11 Will you rely on him because his strength is great? Will you trust your labor to him? Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li, e kite l responsab travay ou?
12 Can you trust him to bring back your grain and gather it to your threshing floor? Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay, o ranmase seryel sou glasi vannen an?
13 "The wings of the ostrich flap joyfully, but are they the feathers and plumage of a stork? “Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa, men èske se plimaj lanmou?
14 She leaves her eggs on the ground and lets them warm in the dust, Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a pou yo ka chofe yo nan pousyè,
15 forgetting that a foot may crush them, or a wild animal may trample them. Li bliye yon grenn pye ka kraze yo, oswa yon bèt sovaj kab foule yo.
16 She treats her young harshly, as if they were not her own; she has no fear that her labor was in vain, Li maltrete pitit li yo ak mechanste, konsi yo pa t pou li; menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;
17 because I made her forget wisdom and gave her no share in understanding. Akoz Bondye te fè li bliye sajès li, e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.
18 Yet when she takes off running, she laughs at the horse and its rider. Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.
19 "Do you give the horse his strength? Do you clothe his neck with a flowing mane? Èske se ou ki te bay cheval la fòs? Èske ou te abiye kou li ak krenyen?
20 Do you make him leap like a locust? His proud snorting strikes terror. Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt? Gran souf ki sòti nan nen l byen etonnan.
21 He paws in the valley and rejoices in his strength; he charges into battle. Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li. Li sòti parèt pou rankontre zam yo.
22 He laughs at fear and is not terrified; he does not shrink back from the sword. Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent. Li pa vire fè bak devan nepe;
23 The quiver rattles against him, the flashing spear and the javelin. fouwo soukwe akote l, lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.
24 With fierce, raging excitement he devours the ground; he cannot stand still when the trumpet sounds. Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a, e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.
25 At the blast of the trumpet he says, 'Aha!' He catches the scent of battle from afar, the thunder of the commanders and the war cry. Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’ Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.
26 "Is it by your understanding that the hawk takes flight and spreads his wings toward the south? Èske se pa bon konprann ou ke malfini an konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?
27 Is it at your command that the eagle soars and builds his nest on high? Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo pou fè nich li nan wotè?
28 He lives on the cliff and makes his home there, on the rocky crag, his stronghold. Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li, sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.
29 From there he searches out his food; his eyes spot it from far away. Se la li veye manje li; zye li wè l soti lwen.
30 His young ones feast on blood, and wherever the slain are, there he is." Pitit li yo, anplis, konn souse san; epi kote mò yo ye; se la li ye.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]