Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word that Isaiah son of Amoz saw concerning Judah and Jerusalem. Pawòl ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
2 In the last days the mountain of our Father's house will be firmly established as the highest of the mountains, raised above the hills, and all the nations will stream to it. Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
3 Many peoples will come and say, "Come, let us go up to the mountain of God, to his house, so he can teach us his ways and we can walk in his paths." For instruction will go out from Zion, and the word of our Father from Jerusalem. Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
4 He will judge between the nations and settle disputes for many peoples. They will beat their swords into plowshares and their spears into pruning hooks; nation will not lift up sword against nation, nor will they train for war anymore. Li va jije pami nasyon yo, e Li va rann desizyon pou anpil pèp. Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e jis pou tout tan, yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
5 House of Jacob, come, let us walk in the light of our Father. Vini lakay Jacob; annou mache nan limyè SENYÈ a.
6 For you have abandoned your people, the house of Jacob, because they are filled with influences from the east and with fortune-tellers like the Philistines, and they have made alliances with foreigners. Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
7 Their land is full of silver and gold, with no end to their treasures; their land is full of horses, with no end to their chariots. Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò e pou richès yo, nanpwen fen. Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
8 Their land is full of idols; they bow down to the work of their hands, to what their own fingers have made. Peyi yo anplis plen ak zidòl; yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
9 So mankind is brought low, and everyone is humbled—do not forgive them. Pou sa, lòm vin imilye; e limanite vin bese. Konsa, pa padone yo.
10 Go into the rocks and hide in the dust from the dread of our Father and from the splendor of his majesty. Antre nan wòch, e kache nan pousyè, kont laperèz SENYÈ a, kont mayifisans ak majeste li.
11 The proud eyes of mankind will be brought low, and the arrogance of men will be humbled; our Father alone will be exalted in that day. Ògèy a lòm va vin bese e wotè a lòm va vin imilye. E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
12 For the Father of heaven's armies has a day in store against all that is proud and lofty, against all that is lifted up, so that it will be brought low, Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13 against all the cedars of Lebanon, lofty and lifted up, and against all the oaks of Bashan, Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo, e ki leve tèt yo wo, kont tout chenn Basan yo.
14 against all the high mountains and against all the lofty hills, Kont tout mòn wo yo, kont tout kolin ki leve wo yo,
15 against every high tower and against every fortified wall, Kont tout fò wo yo, kont tout miray fòtifye yo,
16 against all the ships of Tarshish and against every magnificent vessel. Kont tout bato Tarsis yo, kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17 The arrogance of mankind will be humbled, and the pride of men brought low; our Father alone will be exalted in that day, Ògèy a lòm va vin imilye e wotè a lòm va vin desann. Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18 and the idols will completely vanish. Men zidòl yo va vin disparèt nèt.
19 People will flee into the caves of the rocks and into holes in the ground from the dread of our Father and from the splendor of his majesty, when he rises to shake the earth. Tout moun va antre nan kav pami wòch yo, ak nan twou tè a, devan gran laperèz SENYÈ a, ak gwo bagay etonnan de majeste Li, lè Li leve pou fè tè a tranble.
20 In that day people will throw away their idols of silver and their idols of gold to the moles and bats, which they made for themselves to worship. Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21 They will go into the clefts of the rocks and into the crevices of the cliffs from the dread of our Father and from the splendor of his majesty, when he rises to shake the earth. pou yo ka antre nan kav wòch ak twou wòch nan falèz yo, pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, ak gwo bagay etonan a majeste Li a, lè Li leve pou fè latè tranble.
22 Stop trusting in mere man, who has only breath in his nostrils. What good is he? Sispann mete konfyans nan lòm; souf vi li se sèl nan nen l. Kisa li vo?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]