Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The vision of Isaiah son of Amoz concerning Judah and Jerusalem in the days of Uzziah, Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah. Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.
2 Hear, heavens, and listen, earth, for our Heavenly Father has spoken: "Children I reared and brought up, but they have rebelled against me. Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.
3 "The ox knows its owner, and the donkey its master's manger, but Israel does not know, my people do not understand. Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
4 Ah, sinful nation, a people weighed down with guilt, offspring of evildoers, children who act corruptly! They have forsaken our Father, they have spurned the Holy One of Israel—our Father—they have turned their backs and walked away. Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!
5 Why will you be beaten any longer? Why do you keep on rebelling? The whole head is sick, and the whole heart is faint. Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.
6 From the sole of the foot to the top of the head there is no healthy spot—only wounds, welts, and open sores, not cleaned or bandaged or soothed with oil. Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.
7 Your land is desolate, your cities burned with fire; in your very presence foreigners devour your fields—a desolation, overthrown by strangers. Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
8 And the daughter of Zion is left like a shelter in a vineyard, like a hut in a cucumber field, like a city under siege. Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl nan yon chan rezen, tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, tankou yon vil ki anba syèj.
9 If the Father of heaven's armies had not left us a few survivors, we would have become like Sodom, we would have been like Gomorrah. Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.
10 Hear the word of our Father, you rulers of Sodom! Listen to the instruction of our Father, you people of Gomorrah! Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo; bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a, nou menm pèp Gomorrhe.
11 What are your endless sacrifices to me?" says our Father. "I have had my fill of burnt offerings of rams and the fat of fattened animals; I take no delight in the blood of bulls and lambs and goats. “Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit.
12 When you come to appear before me, who asked this of you—this trampling of my courts? Lè nou vin parèt devan M, kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?
13 Stop bringing meaningless offerings! Your incense is detestable to me. New moons, Sabbaths, the calling of assemblies—I cannot stand wickedness mixed with your solemn gatherings. Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
14 Your new moons and your appointed feasts my soul hates; they have become a burden to me—I am weary of carrying them. Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo. Yo vin yon gwo fado pou mwen. Mwen fatige sipòte yo.
15 When you stretch out your hands in prayer, I will hide my eyes from you; even when you offer many prayers, I will not be listening. Your hands are full of blood. Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.
16 Wash yourselves; make yourselves clean. Take your evil deeds out of my sight; stop doing wrong. Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
17 Learn to do good; seek justice, set the oppressor right. Defend the orphan, stand up for the widow. Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.
18 Come now, let us settle this together," says our Father. "Though your sins are like scarlet, they will be as white as snow; though they are red as crimson, they will become like wool. “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
19 If you are willing and obedient, you will eat the good things of the land; Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
20 but if you refuse and rebel, you will be devoured by the sword. For the mouth of our Father has spoken." men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
21 How the faithful city has become a prostitute! She was once full of justice; righteousness used to dwell in her—but now murderers. Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.
22 Your silver has become worthless slag, your choice wine diluted with water. Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim e bwason ou vin mele ak dlo.
23 Your rulers are rebels, partners with thieves; they all love a bribe and chase after gifts. They do not defend the orphan, and the widow gets no hearing from them. Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak volè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benifis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo.
24 Therefore this is the declaration of the Sovereign Father, the Father of heaven's armies, the Mighty One of Israel—our Father: Ah, I will get relief from my adversaries and bring justice against my foes. Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo, Toupwisan Israël la, deklare: “Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo; M ap pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.
25 I will turn my hand against you; I will smelt away your slag as with lye and remove all your impurities. Mwen va vire men m kont nou e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, pou l pa gen metal ki rete.
26 I will restore your judges as in days of old, your counselors as at the beginning. Afterward you will be called the City of Righteousness, the Faithful City. Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.
27 Zion will be redeemed by justice, and those in her who repent, by righteousness. Sion va rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.
28 But rebels and sinners will be broken together, and those who forsake our Father will be consumed. Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.
29 You will be ashamed of the sacred oaks you delighted in; you will blush over the gardens you have chosen. Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo, e nou va wont pou jaden ke nou te pito yo.
30 For you will be like an oak whose leaves wither, like a garden without water. Paske nou va tankou yon bwadchenn ak fèy ki fennen, oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm.
31 The strong man will become tinder and his work a spark; both will burn together, with no one to put them out. Sila ki pwisan an va devni retay pishpèn. Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife. Konsa, y ap brile ansanm e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]