Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This Melchizedek, king of Salem, priest of the Most High, our Father, met Abraham returning from defeating the kings and blessed him. Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li,
2 Abraham gave him a tenth of everything. His name means, first, king of righteousness, then also king of Salem—meaning king of peace. a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè.
3 Without father, without mother, without genealogy, no beginning of days or end of life, but like the Son of our Father, he remains a priest forever. San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.
4 Consider how great this man was: Abraham the patriarch gave him a tenth of the plunder. Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a.
5 Those descendants of Levi who become priests are commanded by the law to collect the tenth from the people—their own brothers—though they too descend from Abraham. Konsa, sila vrèman de fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.
6 But he, though not descended from them, took a tenth from Abraham and blessed the one who held the promises. Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo.
7 It is beyond all dispute that the lesser is blessed by the greater. Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.
8 In one case, tithes are received by mortal men; in the other, by one testified to be alive. Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou.
9 One might even say Levi, who receives the tenth, paid it through Abraham, Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo,
10 for he was still in his ancestor's body when Melchizedek met Abraham. paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.
11 If the Levitical priesthood brought perfection—the people received the law under it—why was another priest needed, one in Melchizedek's order, not called after Aaron's order? Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
12 For when the priesthood changes, the law must change as well. Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou.
13 For he of whom these things are said belonged to another tribe, from which no one has ever served at the altar. Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
14 Clearly our Lord descended from Judah; Moses said nothing about priests from that tribe. Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.
15 And this becomes even more evident when another priest arises in the likeness of Melchizedek, Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek,
16 who has become a priest not by a law of physical descent but by the power of an indestructible life. ki pa t devni konsa sou baz a yon lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri.
17 For it is testified about him, "You are a priest forever, in the order of Melchizedek." Paske li temwaye de Li: “Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.”
18 On the one hand, a former commandment is set aside because of its weakness and uselessness. Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an akoz de feblès ak initilite li.
19 The law perfected nothing; but a better hope is introduced, through which we draw near to our Father. (Paske Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye.
20 This was not without an oath, for the others became priests without an oath, E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman,
21 but he became a priest with an oath, by the one who said to him: "Our Father has sworn and will not change his mind, 'You are a priest forever.'" paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: “Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” Selon modèl a Melchisédek la.”
22 To that same degree, Jesus has become the guarantor of a better covenant. Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin garanti a yon pi bon akò.
23 The former priests were many, because death prevented them from continuing in office, Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo,
24 but he holds his priesthood permanently, because he continues forever. men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.
25 So he can fully save those who come to our Father through him, since he always lives to plead their case. Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
26 Such a high priest suited us: holy, blameless, unstained, separated from sinners, raised above the heavens. Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;
27 Unlike those high priests, he doesn't need to offer sacrifices daily—first for his own sins, then for the people's—since he did this once for all, offering himself. ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.
28 The law appoints weak men as high priests, but the oath's word, coming after the law, appoints the Son, made perfect forever. Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]