Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So let's leave basic teaching about Christ and move toward maturity, not laying again a foundation of repentance from dead works and faith toward our Father, Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye,
2 of instruction about baptisms, the laying on of hands, the resurrection of the dead, and eternal judgment. lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la.
3 And this we will do, if our Father permits. Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.
4 For it is impossible for those once enlightened, who tasted the heavenly gift, shared in the Holy Spirit, Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo,
5 and have tasted the goodness of our Father's word and the powers of the age to come, te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an,
6 and, having fallen away, to renew them again to repentance, since they crucify the Son of our Father anew to their own harm, holding him up to contempt. e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.
7 Land that drinks the rain often falling on it, and yields a useful crop for its farmers, receives a blessing from our Father. Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye.
8 But if it produces thorns and thistles, it's worthless, close to a curse, and ends in burning. Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile.
9 But about you, beloved, we're convinced of better things—things tied to salvation—even though we speak this way. Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
10 For our Father is not unjust—he won't forget your work and the love you've shown for his name, serving our Father's people, as you still do. Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.
11 We want each of you to show the same diligence for full assurance of hope until the end, Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen,
12 so that you don't become lazy, but imitate those who inherit the promises through faith and patience. pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
13 For when our Father promised Abraham, since he had no one greater to swear by, he swore by himself, Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li.
14 saying, "I will surely bless you and surely multiply you." Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.”
15 And so Abraham, after waiting patiently, received the promise. Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.
16 People swear by someone greater, and the oath settles every dispute. Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.
17 Wanting to show the heirs of the promise even more clearly that his purpose never changes, our Father guaranteed it with an oath, Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman.
18 so that, through two unchangeable things in which our Father cannot lie, we who fled for refuge might have strong encouragement to grasp the hope set before us. Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.
19 This hope is an anchor for the soul, safe and firm, entering the inner place behind the curtain, Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan,
20 where Jesus entered as forerunner on our behalf, becoming high priest forever in Melchizedek's order. kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]