Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The point of this: we have such a high priest, who sat down at the right hand of the throne of the Majesty in heaven. Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”
2 A minister of the holy places and the true tabernacle, set up by the Father, not man. Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.
3 Every high priest is appointed to offer gifts and sacrifices; so this one too must have something to offer. Paske chak wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou.
4 If he were on earth, he wouldn't even be a priest, since others offer the gifts under the law. Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki ofri don yo selon Lalwa,
5 They serve a copy and shadow of heavenly things, as Moses was warned when about to complete the tabernacle: "See," he said, "make everything according to the pattern shown you on the mountain." ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”
6 But now Jesus has obtained a superior ministry, since the covenant he mediates is better, established on better promises. Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
7 For if that first covenant had been faultless, there would have been no need for a second. Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.
8 For finding fault with them, he says: "Look, the days are coming, declares our Father, when I will make a new covenant with the house of Israel and with the house of Judah. Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di: “Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a, lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la e avèk kay Juda a;
9 Not like the covenant I made with their fathers on the day I took them by the hand to lead them out of the land of Egypt. For they did not remain in my covenant, and so I disregarded them, declares our Father. Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo nan jou ke M te pran yo nan men pou mennen yo sòti an Égypte la; paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
10 For this is the covenant I will make with the house of Israel after those days, declares our Father I will put my laws into their minds and write them on their hearts, and I will be their Father, and they will be my children. Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la apre jou sa yo, di Senyè a: Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, e Mwen va ekri yo nan kè yo. Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
11 And no longer will each one teach his neighbor and each one his brother, saying, "Know our Father," for they will all know me, from the least of them to the greatest. Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’, paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan pi piti jiska pi gran nan yo.
12 For I will be merciful toward their wrongdoing, and I will remember their sins no more." Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
13 Speaking of a new covenant, he has made the first outdated. What's outdated and aging is nearing its end. Lè L te di: “Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]