Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now even the first covenant had regulations for worship and an earthly sanctuary. Alò, menm premye akò a te gen règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la.
2 A tent was set up—the first one—holding the lampstand, the table, and the bread of the Presence; it is called the Holy Place. Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
3 Behind the second curtain was a tent called the Holy of Holies. Andedan dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo.
4 It had the gold incense altar and the ark of the covenant covered all over with gold, holding a gold jar of manna, Aaron's staff that sprouted, and the covenant tablets. Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.
5 Above it, the cherubim of glory overshadowed the mercy seat—details we can't cover now. Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.
6 With things arranged this way, priests enter the first tent continually, performing their sacred duties. Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye,
7 Only the high priest enters the second tent, once a year, always with blood, offered for himself and the people's unintentional sins. men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.
8 By this the Holy Spirit was showing that the way into the holy places was not yet revealed while the first tent still stood. Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe.
9 This is a symbol for the present time. According to this arrangement, gifts and sacrifices are offered that cannot make the worshiper's conscience perfect, Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li,
10 but only about food, drink, and various washings—bodily regulations imposed until the time of reform. paske yo lye sèlman ak manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou lè tout bagay vin nèf.
11 But Christ came as high priest of the good things that have come, through the greater and more perfect tent not made by hands, that is, not of this creation. Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a.
12 He entered the sanctuary once for all, not with the blood of goats and calves but with his own blood, securing eternal redemption. Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.
13 For if the blood of goats and bulls, and a heifer's ashes sprinkled on the unclean, make holy for cleansing of the flesh, Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a,
14 how much more will the blood of Christ, he who offered himself through the eternal Spirit, flawless, to our Father, cleanse our conscience from dead works to serve the living Father? konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
15 For this reason he mediates a new covenant: a death redeemed people from wrongdoings under the first covenant, so the called receive the promised eternal inheritance. Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
16 For where a will is involved, the death of the one who made it must be established. Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la.
17 For a will is valid only over the dead, since it has no force while its maker lives. Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.
18 Therefore not even the first covenant was inaugurated without blood. Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san.
19 After Moses gave every command of the law to all the people, he took the blood of calves and goats, with water, scarlet wool, and hyssop, and sprinkled both the scroll itself and all the people, Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la.
20 saying, "This is the blood of the covenant that our Father commanded for you." E konsa li te di: “Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”
21 Likewise he sprinkled the tent and all worship vessels with blood. Menm jan an, li te flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an.
22 In fact, the law purifies almost everything with blood; and without the shedding of blood there is no forgiveness. Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
23 So the copies of heavenly things had to be purified by these rites, but the heavenly things themselves by better sacrifices than these. Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.
24 For Christ did not enter man-made holy places, copies of the true ones, but heaven itself, to appear now before our Father for us. Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.
25 Not to offer himself repeatedly, like the high priest entering the holy places yearly with blood not his own. Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a.
26 Otherwise Christ would have had to suffer many times since the world's founding. Instead he has appeared once, at the climax of the ages, to abolish sin by sacrificing himself. Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.
27 And just as it is appointed for people to die once, and after that comes judgment, Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,
28 so Christ, offered once to bear the sins of many, will appear a second time—not for sin, but to bring salvation to those eagerly waiting for him. konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]