Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The law is only a shadow of the good things to come, not the true form of those realities, and so, by the same sacrifices offered year after year without end, can never perfect those who draw near. Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.
2 Otherwise, wouldn't they have stopped being offered, since worshipers, cleansed once, would no longer be conscious of sins? Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?
3 But in these sacrifices there is a yearly reminder of sins. Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane.
4 For it is impossible for the blood of bulls and goats to take away sins. Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.
5 Therefore, when Christ came into the world, he said: "Sacrifice and offering you did not desire, but a body you prepared for me; Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di: “Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire, men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
6 "in burnt offerings and sin offerings you took no pleasure. Nan tout ofrann ki brile ak sakrifis pou peche, Ou pa t pran plezi.
7 Then I said, 'Look, I have come—in the scroll of the book it is written of me—to do your will, my Father.'" Answit, Mwen te di: ‘Gade, Mwen gen tan vini (nan woulo liv la li ekri de Mwen) “pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
8 Above he said, "Sacrifices, offerings, burnt offerings, and sin offerings you did not desire or delight in"—though the law requires them, Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
9 then he said, "Look, I have come to do your will." He removes the first to establish the second. Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.” Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan.
10 By this will, we have been made holy through the offering of Jesus Christ's body, once for all. Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
11 Every priest stands daily, serving and repeatedly offering the same sacrifices that can never remove sins. Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.
12 But he offered one sacrifice for sins forever, then sat down at the right hand of our Father, Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,
13 waiting from that time until his enemies are made a footstool for his feet. pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li.
14 For by one offering he has perfected for all time those who are being made holy. Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
15 And the Holy Spirit also testifies to us; for after saying, Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
16 "This is the covenant that I will make with them after those days, says our Father: I will put my laws on their hearts, and write them on their minds." “Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo apre jou sa yo, di Senyè a; Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” Li di answit:
17 He then adds, "And their sins and their lawless deeds I will remember no more." “Epi peche ak inikite yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
18 Now where these are forgiven, there is no longer any offering for sin. Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
19 So, brothers and sisters, since we have confidence to enter the holy places by Jesus' blood, Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a
20 a new, living way he opened for us through the curtain—his flesh, pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li,
21 and since we have a great priest over the house of our Father, epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a,
22 let us draw near with a genuine heart, fully assured by faith, hearts sprinkled clean from a guilty conscience, and bodies washed with pure water. annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.
23 Let us hold tightly to the hope we declare, unshaken, for he who promised is faithful. Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
24 And let us consider how to spur one another on to love and good works, Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv.
25 not giving up meeting together, as some habitually do, but encouraging each other—even more as you see the Day approaching. Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26 For if we go on sinning deliberately after receiving the knowledge of the truth, no sacrifice for sins remains, Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò,
27 but only a terrible expectation of judgment and a raging fire that will consume the adversaries. men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Anyone who rejects Moses' law dies without mercy on two or three witnesses' testimony. Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen.
29 How much worse punishment, do you think, does the one deserve who trampled the Son of our Father underfoot, treated as unholy the blood of the covenant that made him holy, and insulted the Spirit of grace? Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 For we know the one who said, "Justice is mine; I will repay," and again, "Our Father will judge his people." Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”
31 It is a terrible thing to fall into the hands of the living Father. Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
32 Remember the earlier days, when after being enlightened you endured a hard struggle with suffering, Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans
33 at times publicly shamed by insults and suffering, at times standing with those treated that way. nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo.
34 For you suffered with prisoners and joyfully accepted your possessions being seized, knowing you yourselves had a better, lasting possession. Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
35 So do not throw away your confidence; it holds a great reward. Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.
36 You need endurance, so that having done our Father's will, you may receive the promise. Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
37 For yet "in a very little while, the coming one will come and will not delay; “Paske nan yon tan ki kout, Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
38 but my righteous one will live by faith, and if he shrinks back, my soul takes no pleasure in him." Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
39 But we don't belong to those who shrink back into destruction, but to those who have faith and preserve their souls. Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]